Inauguration de la laiterie de Vallue – 3 août 2014
Discours en créole de Maguy Vermande,
présidente de l’association Lyon Haïti Partenariat
Medanm, Mesye, bonjou !
An tan ke prezidan asosyasyon Lyon-Haïti Partenariats (nou di LHP), m santi kontan wè nou tout isi jodi a pou inogire nouvel letri Vali a ! Se sitou Paul, secretè LHP, ki te fè maksimom pou projè sa a abouti, ansam avek vis prezidan Daniel Boisson an partenarya avek M. Abner. Pou nou, se rezilta lon chemen nou menen depi 1995, ane nou vin en Ayiti pou travay Paul nan Biro Ajans Inivesitè francofoni a. Pandan 6 lane nou te vi e visite peyi nou, nou dekouvri istwa pèp ayisyen, kouraj li pou endepandans peyi a…, epi tou, gran kreyativite anpil atis : pent, skiltè, ekriven, mizisyen, dansè, elatrye…
Men se an Frans nou te konn Vali, gras a M. Yvon lè li vin Lyon pou etidye devlopman lokal la. Li telman vante Vali, tankou APV ki te fè developman entegre nan zon nan ! Se an 2010, apre seyis, nou vin Vali, rankontre APV, dekouvri monn mayifik, abitan yo… Nou rete nan otel Vila Ban Yen e, ak profesè ECGBV, nou fè kan dete ak 250 moun. Lane dapre, nou vin Vali anko, avek profesè mizik, dans ak enfomatik, nou te bay APV enstriman mizik e odinatè tou, pou fè yon kan pi lon ki te fin pa bel spektak sou plas Jak Roumen an.
Apre sa, nou kreye LHP nan Lyon an oktob 2011, avek 30 zanmi Dayiti… Jodi a nou gen 100 aderan, ak 30 moun ayisyen ladan l. Objektif nou, se jwenn jefo nou ansanm avek APV pou amelyore kondisyon vi peyizan Vali yo, pou yo gen dlo, eneji, bon edikasyon, anplwa : an rezime, pour genyen plis devlopman ekonomik tankou plis otonomi ! Letri sa a ap patisipe dwèt !!
Mèsi anpil !
Maguy Vermande