Paru dans Le National.

Nan yon kominike Association FEL Caraïbes pataje lajman sou rezo li yo samdi 1me 2024 la, responsab yo devwale non twa (3) ekriven k ap alonè nan 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2024). Sou tapi donè a, nou jwenn : Serge Madhère (Ayiti), powèt, doktè nan statistik ak metòd rechèch, pwofesè inivèsite Ozetazini ; Michel Ducasse (Lil Moris), powèt, tradiktè literè, jounalis, fòme nan domèn lenguistik ak lèt, epi Lyonel Desmarattes ki se ekriven, jounalis, tradiktè literè, manm Akademi Kreyòl Ayisyen. Daprè menm kominike a, FEL 2024 la ap dewoule soti 3 pou rive 8 desanm 2024 la an Ayiti (Pòtoprens, Gonayiv) epi an liy, jan sa abitye fèt depi kèk ane.