Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè
Commission Episcopale Nationale Justice et Paix
Secrétariat national
BP 1572
Port-au-Prince  Haïti 6110
Tel / Fax 222 78 99
www.forumcitoyen.org.ht/jilap
 
 
ak
 
Jistis ak Lapè Achidyosèz Pòtoprens
Sekretarya
Acheveche
Pòtoprens
 
 
 
 
 
 
 
 

Vyolans nan lari zòn metwopolitèn nan

 
 
 
 
 
 
 

Novanm – desanm 2005

ak janvye – fevriye 2006

 
 
 
 
 
Rapò 18
Pòtoprens, 23 mas 2006
 
 
 
Lèt tou louvri pou otorite ki konsènen yo:
Me Henry Dorléan, Minis Lajistis
M. Mario Andrésol, Direktè Lapolis Nasyonal
Mme Jessy Cameau Coicou, Enspektris Jeneral Anchèf Lapolis Nasyonal
M. Frantz Lerebours, Pòt pawòl Lapolis Nasyonal
Kopi:   M. René Garcia Préval, Président élu
M. Gérard Latortue, Premye Minis Gouvènman tranzisyon
 
 
 
 
Mesye, Madam,
Otorite sivil ak polisyè,
 
 
 
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè salye n ak anpil respè.  Ak nouvo lèt tou louvri sila a, Komisyon an prezante n yon lòt rapò sou vyolans ki fèt nan zòn metwopolitèn nan, pou mwa novanm, desanm 2005, ak janvye, fevriye 2006 la.  Tankou pou lòt rapò anvan yo, nou chwazi yon kritè senp pou mezire vyolans lan : se moun ki mouri anba vyolans nan kapital la.  Nou te konsilte laprès, nou te koute divès moun ki pote enfòmasyon ba nou, epitou nou fè pwòp obsèvasyon pa nou.  Ak tout sa, nou rekonèt rapò sila a genyen limit li.  Li pa posib pou dekouvri tout ka ki genyen yo.  Reyalite a depase sa ki ekri nan rapò sila a.  Nou fè travay sila a pou fè otorite yo ak tout sitwayen yo konnen reyalite vyolans ki genyen nan peyi a, paske se li menm ki pi gwo lènmi byen viv ansanm nan sosyete nou an.
 
Rapò a pibliye nan yon moman eleksyon ap fèt nan peyi a.  Tout moun santi ensekirite a se yon gwo pwoblèm nan peyi d Ayiti e sitou nan zòn metwopolitèn nan, men se pa sèlman limenm.  Mwa sektanm ak oktòb 2005 te bay yon ti souf, parapò ak mwa jiyè ak out, men ensekirite a tounen ak fòs nan finisman ane a ak nan kòmansman ane 2006 la.  Anpil asasina te fèt ; men sitou, te genyen kidnaping ak lòt kalte vyolans.  Site Solèy se te pi gwo kote ki te gen divès fòm vyolans sa yo.  Gen ka kote yo asasinen moun, menm apre fanmiy yo te fin peye ranson yo egzije a.  Nan mwa janvye, sete zòn Gran Ravin ak Matisan ki te gen gwo vyolans, kote 43 moun pèdi vi yo diran 4 mwa sa yo ; 28 nan yo se te pou mwa janvye 2006 la sèlman.   
 
Pou sa k konsènen pwòp obsèvasyon pa nou, nou konte 201 viktim ki mouri anba vyolans nan kapital la pandan 4 mwa sa yo.  66 pou mwa novanm ak 43 pou mwa desanm 2005.  Nan mwa janvye 2006 nou konte 70 ka ; nan mwa fevriye li te fè yon bese ak 22 ka.  Toujou, pou  menm epòk la, genyen 12 polisye, ajan Ministah ak sekirite ki tonbe kòm viktim. Genyen 14 fanm ak 5 timoun nou anrejistre.  21 moun mouri nan aksidan.  Men pi gwo kòz lanmò toujou rete bal ak zam : 155.  Sa se plis pase yon viktim ak bal chak jou.
Sa ki atire atansyon nou :
 
 
Mwa novanm 2005
kantite viktim 66
Mwa desanm 2005
kantite viktim  43
Mwa janvye 2006
kantite viktim 70
Mwa fevriye 2006 kantite viktim 22
1.    Sou idantite viktim yo :
Polis ak ajan sekirite ki viktim
 
1 polisye / 1 sekirite
1 Polisye kanadyen
1 Sòlda Jòdanyen
3 polisye Nasyonal,             2 polisye kasble, 1 jeneral Brezilyen ak yon sekirite konpayi
1 APENA, 1 ajan sekirite
Fi ak timoun ki viktim
2 fanm /  3 timoun
6 fi / 1 timoun
4 fanm
2 fanm / 1timoun
Viktim yo pa konnen kilès yo ye
47
26
31
12
 
 
 
 
 
2.       Sou lakòz lanmò yo :
Moun ki mouri ak bal
 
56
 
35
 
55
 
10
Moun ki mouri ak bal lapolis/ Minista
 
16
 
1
 
4
 
2
Moun ki mouri ak bal nan afwontman gang ak lapolis (delè ak Ministah)
 
27
 
10
 
 
Moun ki mouri ak bal bandi k sou etikèt Lavalas
 
11
 
17
 
29
 
3
Moun ki mouri nan afwontman ant gang
 
2
 
6
 
2
 
Moun ki mouri ak bal nèg ak zam yo pa idantifye
 
 
1
 
20
 
5
Moun ki mouri ak zam blanch, wòch, fè, baton ak manchèt
 
5
 
4
 
2
 
6
Moun ki mouri nan aksidan
3
4
8
5
Kòz yo pa konnen
2
5
1
 
 
 
 
 
3.    Sou kèk katye :
Bèlè, zòn Dèlma 2 ak 4, Fò Nasyonal ak Solino
 
2
 
4
 
 
1
Lasalin, Site Solèy, wout Nasyonal # 1 ak zòn Site Militè
 
28
 
4
 
16
 
Zòn Kafou
4
17
14
3
Gran Ravin ak Matisan
6
5
28
4
 
 
 
 
 
4. Sou kèk lòt sikonstans:
Moun ki mouri sou etikèt vòlò
 
 
8
 
 
 
 
 
 
2
 
 
Kèk asasina te bay moun gwo chòk pou jan yo fèt ak gwo britalite, tankou asasina Ginou Mondésir, ki fèt deyò kapital la nan finisman mwa desanm 2005, oswa asasina ki fèt nan dat 12 janvye sou Mimose, yon fanm yo rache kè li nan zòn Delma 3.  Ki jan yon moun kapab leve lamen kont yon pwochen l pou l detwi lavi l?  Se pa ti malad sosyete nou an malad si sa kab rive san pa genyen okenn sanksyon annapre.
 
Lavi chak moun enpòtan, li pa gen pri.  Se pa nan vyolans pou kretyen vivan ta dwe pèdi lavi yo.  Moun pa merite sa.  Menm jan tou, moun pa dwe tounen yon machandiz pou fè lajan fasil.  Nou kondane kidnapin ak tout lòt ajisman ki kontrè ak diyite Bondye bay moun. 
 
Jou eleksyon an te montre aklè pèp Ayisyen an jete vyolans nan sosyete a, sitou vyolans politik epi vyolans ak zam.  Pèp nou an kapab reyalize gwo bagay si l mete tout fòs yo ansanm, san vyolans pa mele.  Li gen fòs, pa sèlman pou ranpòte kèk laviktwa, men sitou poutèt fason pasifik l ap aji, pou fè moun ki pa t dakò ak li chanje lide yo.  Sa se yon pi gwo viktwa toujou.
 
Nou tande pakèt inisyativ k ap fèt nan zòn kapital la ak nan tout peyi a pou tabli lapè, pou jete vyolans byen lwen.  Nou akeyi divès jefò sa yo kòm yon premye pa nan bon direksyon, menm si anpil kesyon toujou rete nan sa ki gen rapò ak jistis pou viktim yo epi kesyon enpinite a, ak reskonsablite koupab yo, dezameman ak kontwòl zam ilegal yo. 
 
Ensekirite se pa zafè zam sèlman
 
Nou konstate vyolans nan mitan sitwayen yo konn pran anpil fòm diferan epi li fèt ak plizyè motif.  Anpil fanm viktim anba vyòl ak lòt vyolans, paske se fanm yo ye.  Menm jèn timoun pa epaye.  Anpil timoun ap drive nan lari a san okenn moun pa di anyen pou yo, menm otorite yo pa pran ka yo.  Sant akèy pou timoun lari yo pa mache kòm sa dwa.  Pi fò popilasyon an viktim vyolasyon dwa sosyal ak ekonomik yo : yo pa gen kay ki anfòm pou rete nan kondisyon moun kab asepte ; pa gen swen lopital ki kòrèk ; anpil jèn pa kab ale lekòl pou jan lavi a chè.  Divès fòm vyolans sa yo konn lakòz lòt vyolans moun ap fè moun sibi. 
 
Ensekirite nan peyi d Ayiti genyen rasin li ki byen fon.  Pèp nou an te sibi anpil vyolans, diskriminasyon, vyolasyon dwa l ak enjistis depi nan kòmansman istwa li.  Divizyon sosyal yo pwofon anpil.  Divès sektè pa t janm pran reskonsablite yo pou lòt.  Tout sa kreye fristrasyon ak anvi vanjans, sitou lakay jèn ki vle travay, epi ki pa wè chanjman nan kondisyon lavi yo.  Jodi a politik la vin mele : bay moun djòb epi voye lòt moun ale pou rezon politik.  Kriminalite ak dwòg vin mete pye l tou.  Nou pa kab bliye tout sa.  Men, lapè jounen jodi a se reskonsabilite pa nou.  Se nou tout ki pou fè l.
 
Ki solisyon ? 
 
Kèk sektè ki nan sosyete a toujou montre gwo tolerans anvè vyolans ak zak briganday.  Gen lòt sektè ki panse se nan fè gwo represyon solisyon an ye.  Gen lòt ki preche pou moun pa sèvi ak vyolans, se vre, men yo pa denonse ni kondane vyolans k ap fèt nan non yo ak fòs.  Li pa fasil pou konprann reyalite vyolans nan peyi a, paske genyen anpil mawonaj, voye wòch kache men; sa ki lakòz genyen anpil dout ak sispèk nan koze a.  Pa p gen solisyon si chak pati kanpe sou defans enterè ak avantaj yo.  Se sa k bon pou peyi a ak sosyete a ki dwe gide konpòtman chak moun. 
 
Men ki pozisyon Komisyon an toujou ap defann nan zafè vyolans ak ensekirite.  Konbat ensekirite pa kab fèt ak zam sèlman.  Sa pa vle di : zam pa kab nesesè oswa nou pa bezwen lapolis ak fòs represyon.  Men, nou pa dwe bliye : nan yon operasyon lopital, menm kouto operasyon an k ap wete maleng lan, se li k lakòz nouvo blese fèt, ki li menm tou mande gerizon.  Konsa, nou di : ak sèl fòs represyon nou pa kab tabli lapè ak byen viv ansanm nan peyi a.  Okontrè, nou swete pou tout moun koute vwa larezon k ap pale ak yo.
 
Nou kontinye fè apèl a tout moun ki konsène, sitou tout moun ki toujou vle regle diferans ak konfli, oswa k ap chèche reyalize enterè yo ak vyolans, pou yo chèche lòt chimen ki dakò ak diyite lavi moun genyen.  Nou dwe devlope lòt chimen pou regle konfli yo ak dezakò nou yo, nan negosyasyon ak dyalòg, ak tout kalite aktivite sitwayen ki ede moun bay tèt yo valè ak fè pwogrè.  Nou vle kontinye travay pou gen plis respè pou lavi ak diyite chak moun nan peyi a.
 
Lapè mande kolaborasyon tout sektè.  Li mande anpil verite ak transparans pami tout sektè ki plede di se pou byen peyi a y ap travay. 
 
Men ki jan nou wè reskonsablite divès sektè sa yo :
 
Politik la 
Komisyon Jistis ak Lapè konstate edikasyon sivik ak politik pèp Ayisyen pa t parèt pami gwo priyorite nan kanpay elektoral la, ni bò kote pati politik yo, ni bò kote KEP la.
 
An menm tan, nou salye tout akò ki fèt ant pati politik yo pou pale, negosye, regle tout pwoblèm san vyolans.  Jefò sa yo dwe kontinye.  Nou kwè tou, li enpòtan pou chak pati politik kontinye pale ak baz yo ak moun k ap soutni yo pou yo kenbe menm prensip sa yo pandan eleksyon lokal yo ap fèt. 
 
Si premye tou eleksyon an te pase san gwo vyolans, se pa t bon òganizasyon ki te fè l.  Nou dwe salye bon sans sitwayen yo ki jete vyolans politik la e ki vle peyi a sòti nan sitiyasyon li ye a.
 
Gouvènman an 
Yon gouvènman tranzisyon te dwe yon gouvènman ki reyini tout fòs ki prezan nan peyi a.  Nou pa ka di gouvènman an te fè l.  Plizyè pawòl ak deklarasyon Gouvènman an te fè, pa t envite pati yo chita pou fè laverite.  Lòt sektè te kite desepsyon ak fristrasyon gide yo.  Nou regrèt sa.  Se tout peyi a ki peye sa jodi a.
 
Nou andwa gade politik sosyal Gouvènman tranzisyon an tou.  Anpil pwomès te fèt.  CCI (Kad Koperasyon Enterimè) te plen pwomès ak bèl bagay.  Apa kèk ti reyalizasyon nan kapital la ak kèk travay sou youn nan wout nasyonal yo, ki kote Leta te kreye travay ?  Poukisa plizyè chantye ki te kòmanse san yo pa t janm kapab fini ?  Poukisa Leta refize peye anplwaye yo aryere salè yo ?  Poukisa pa t gen yon politik sosyal pou akonpaye lavi chè a ?  Eske neglijans sa yo pa dwe kreye fristrasyon, èske yo pa louvri chimen pou nouvo fòm vyolans nan peyi a ?
 
Jistis la 
Mete jistis nan mitan sitwayen yo gras ak yon Pouvwa jidisyè konpetan e efikas, se yon gwo moso nan konbat ensekirite ak pou regle konfli yo anndan sosyete a.  Si Lajistis pa rezoud konfli yo selon sa lalwa mande, se ankouraje l ap ankouraje enpinite ak vyolans. 
 
Nan tan tranzisyon sa a, maladi lajistis ap soufri depi diktantan parèt pi klè toujou.  Plizyè desizyon lajistis kreye gwo dout lakay sitwayen yo.  Eske genyen yon Pouvwa jidisyè tout bon ? 
 
Dezameman ak lit kont enpinite
Wi, zam se gwo koze nan zafè ensekirite.  Pi fò moun ki mouri nan vyolans, mouri anba bal.  Sa dwe fè tout moun debyen reflechi.  Dezameman pokò janm kapab fèt.  Enpinite ap taye banda. 
 
Pou ki lè jijman kont kriminèl ak kidnapè yo te anonse depi plizyè mwa deja ?  Nan lit kont ensekirite a, kote jijman yo ki dwe kondane koupab yo ?  Poukisa, apre tout ankèt ak envestigasyon yo te di y ap fè, yo toujou pa kapab di kilès ki koupab ki zak ?
 
Sektè prive a
Sekirite se pa sèl kesyon zam.  Pou gen sekirite, dwe gen aktivite ki fè moun kwè nan avni yo ak nan avni peyi yo.  Sitou jèn ki bezwen wè si peyi a se pou yo tou.  Yon travay ki pèmèt moun reyalize yon ti lavi pa dwe rete yon pwomès pou apre eleksyon.  Si se pa Leta ki dwe fè tout bagay, nou andwa mande: kote patisipasyon Sektè prive a?
 
Legliz yo
Nou regrèt fòs moral yo nan sosyete a pa pi prezan pou ede moun wè klè nan ki sa k pase, pou fè fòmasyon ak edikasyon sitwayen yo, pou ede chak sektè wè wòl yo ak reskonsablite yo.
 
Nou avanse nan eleksyon san pa gen edikasyon sivik k ap fèt, san pa gen gwo refleksyon ki fèt sou politik ak demokrasi, sou diyite chak sitwayen genyen ak sou fason li kapab patisipe nan lavi sosyete a.
 
Redemare peyi a sou yon lòt baz
 
Komisyon Jistis ak Lapè a mande pou lidè politik ak sosyal yo pa kite moman istorik sa a pase, san yo pa antre nan yon pwosesis chita tande, kote tout pwoblèm kapab diskite, kote tout moun kapab brase lide sou fason yo wè sosyete a, san okenn kategori sosyal oswa gwoup politik pa santi yo mete l sou kote.  Chita tande sa a dwe pèmèt yo pran desizyon klè pou rezoud divès pwoblèm estriktirèl Peyi a genyen pandan y ap aji sou pwoblèm konjonktirèl yo.
 
Fini ak rèy enpinite a.  Depi nan premye rapò nou, nou t ap di : sèl fason pou konbat vyolans epi fè popilasyon an pa fin viktim, se fè koupab yo pran reskonsablite pou zak yo poze yo.  Se sa konbat enpinite a vle di.  Apre tout chanjman gouvènman ak bèl pwomès, nou konstate lit kont enpinite a make pa sou plas.  Kèk desizyon jij yo pran nan peyi a, nan divès nivo, sanble ale nan sans pi gwo enpinite.
                                                                                                                    
Nou menm otorite, nou reskonsab pou òganize yon Leta ki alawotè reskonsablite li.  Nou gadyen sa k nan enterè tout sitwayen yo nan  peyi a.  Nou pa mande okenn favè.  Nou sèlman mande pou sa k nan pozisyon otorite fè devwa yo kòmsadwa.  
 
Pou Komite Direktè Nasyonal la, sou rapò Jilap Achidyosèz la.
 
 
 
 
 
 
 
Traduction en français
 
 
 
Port-au-Prince, 22 mars 2006
 
La Commission Episcopale Nationale Justice et Paix vous salue respectueusement.  Avec cette lettre ouverte, la Commission vous présente un autre rapport sur la violence dans la zone métropolitaine durant les mois de novembre et décembre 2005, et ensuite janvier et février 2006.  Comme pour les rapports précédents, nous avons choisi un critère simple pour mesurer le degré de violence : le nombre de victimes mortelles à travers les rues de la capitale.  Nous avons consulté la presse ; nous avons rencontré des témoins ; nous avons fait nos propres observations.  Tout en reconnaissant les limites de notre travail, nous savons que la réalité dépasse les données qui s’y trouvent.  Notre objectif est de sensibiliser les autorités et tous les citoyens sur la réalité de la violence dans le pays, parce qu’elle constitue l’un des handicaps majeurs à la convivialité pacifique entre citoyens.
 
Nous publions ce rapport au moment des élections générales dans le pays.  Toute la population ressent l’insécurité comme une préoccupation majeure en Haiti, particulièrement dans la zone métropolitaine, mais sans exclusive.  Les mois de septembre et octobre 2005 paraissaient donner un accalmie par rapport aux mois de juillet et d’aout, mais l’insécurité s’est manifesté de nouveau en force à la fin de 2005 et le début de 2006, avec des assassinats, mais surtout sous forme d’enlèvements et d’autres formes de violence.  Les violences se concentraient surtout autour de Cité Soleil, mais d’autres secteurs et zones sont également impliqués.  Dans certains cas des gens trouvent la mort, même après leur famille avait payé la rançon.  Au mois de janvier, la zone de Martisant et Grande Ravine était le centre des assassinats.
 
Pour ce qui regarde nos propres observations, il a eu 201 victimes de morts violents dans la capitale durant ces 4 mois.  66 au mois de novembre et 43 au mois de décembre 2005.  Au mois de janvier 2006, nous comptons 70 cas ; au mois de février, l’insécurité a baissé jusqu’à 22 cas.  Durant ces 4 mois, 12 policiers, agents de la Minustah et agents de sécurité ont perdu la vie.  Nous avons enregistré 14 femmes et 5 enfants.  21 personnes sont victimes d’accidents.  La plus grande cause de mort reste les cartouches et les armes : dans 155 cas.  Plus d’une victime par jour.


Voici ce qui attire notre attention concernant les victimes

 

                                              

Novanm 2005
Viktim: 66
Desanm 2005
Viktim : 43
Janvye 2006 Viktim 70
Fevriye 2006 kantite viktim 22

1. Sur l’identité des victimes :

Policiers et agents de sécurité

1 policier / 1 agent  sécurité
1 policier canadien
1 soldat jordanien
3 policiers nationaux, 2 policiers casques bleus, 1 general Brésilien et un agent de sécurité
1 APENA, 1 agent sécurité  
Femmes et enfants
2 filles /
3 enfants
6 filles /
1 enfant
4 filles
2 filles /
1 enfant
Victimes non identifiées
47
26
31
12
 
 
 
 
 
2. Sur la cause de mort
Morts par balle
 
56
 
35
 
55
 
10
Morts par balle de la police / Minustah
 
16
 
1
 
4
 
2
Morts dans affrontement gang avec police / Minustah
 
27
 
10
 
 
Morts par balle par des bandits Lavalas
 
11
 
17
 
29
 
3
Morts lors d’affrontement entre gangs
 
 
6
 
2
 
5
Morts par balle d’inconnus
1
20
Morts par arme blanche, couteau, roches, bâton
 
5
 
4
 
2
 
6
Morts accidentels
3
4
8
5
Autres causes de mort
2
5
1
 
 
 
 
 
3. Concernant certains quartiers
Bel Air, Delmas 2 et 4, Fort National, Solino
 
 
2
 
 
4
 
 
 
 
1
La Saline, Cité Soleil, Cité militaire
 
28
 
4
 
16
 
Zone de Carrefour
4
17
14
3
Zone Martissant et de grand Ravine
6
5
28
4
 
 
 
 
 
4. Autres circonstances de la mort
Morts pour accusation de vol
 
 
8
 
 
 
 
 
 
2
 
Quelques assassinats ont provoqué un grand choc d’indignation à cause de la grande brutalité qui l’a accompagné, comme dans le cas de Ginou Mondésir, crime commis hors de la zone métropolitaine fin décembre 2005, ou bien dans le cas de Mimose à qui les criminels ont arraché le cœur sur la route de Delmas 3, le 12 janvier 2006.  Comment une personne humaine est-elle capable de lever la main contre une autre personne pour lui prendre la vie?  Qu’est-ce qui se passe dans une société ou de telles actes deviennent possibles sans qu’aucune sanction ne s’en suive?
 
La vie de chaque personne est importante et sacrée, elle n’a pas de prix.  Une personne humaine ne devrait pas perdre la vie par la violence.  Ce ne devrait pas être son sort.  De la même façon, une personne ne devrait être réduite à une marchandise pour faire de l’argent facile.  Nous condamnons les enlèvements et tous les autres actes qui violent la dignité que Dieu a octroyée à la personne humaine.
 
Le jour des élections du 7 février, le peuple Haïtien a clairement manifesté son rejet de la violence, surtout la violence politique et la violence des armes. Le peuple peut réaliser de grandes choses en unissant ses forces, sans le recours à la violence.  Pas seulement il peut remporter des victoires, mais il peut réussir à faire d’autres personnes changer leurs idées, ce qui constitue une plus grande victoire toujours.
 
Nous entendons parler de plusieurs initiatives dans la capitale pour établir la paix et pour rejeter la violence.  Nous accueillons ces efforts et initiatives comme un premier pas dans la bonne direction.  De nombreuses questions restent comme la justice pour les victimes, la question de l’impunité et la responsabilité des coupables, le désarmement et le contrôle des armes illégales.
 
L’insécurité n’est pas seulement une question d’armes
 
Nous ne pouvons pas oublier que la violence prend de multiples formes dans la société ; elle est commise avec plusieurs motivations.  De nombreuses femmes sont victimes de viols et d’autres formes de violences sexuelles, pour la seule raison d’être femmes.  Des enfants trainent dans la rue sans jouir d’aucune attention, même pas des autorités.  Les centres d’accueil fonctionnement mallement.  La grande majorité de la population est victime de la violation de ses droits sociaux et économiques: il n’ont pas de maison décente pour habiter, les hopitaux ne fonctionnement pas convenablement; des jeunes ne sont pas en mesure de developper leurs capacités par l’enseignement à cause de la cherté de la vie.  Tout cela sont des formes de violence, qui à leur tour peuvent générer d’autres violences.
 
L’insécurité en Haïti a des racines bien profondes.  Notre peuple a subi beaucoup de violence au cours de son histoire, discriminations, violation de ses droits et des injustices depuis le début de son histoire.  Les divisions sociales sont toujours très profondes.  Plusieurs secteurs n’ont jamais assumé leurs responsabilités.  Tout cela crée des frustrations et des sentiments de vengeance, surtout chez les jeunes qui veulent travailler, mais qui ne voient pas de changement dans leur condition de vie.  Aujourd’hui, la politique y entre : enrôler et licencier des gens pour des motifs politiques.  La criminalité et la drogue viennent ajouter leur mot.  On ne devrait pas l’oublier.  La paix, au contraire, est la responsabilité de tous et de toutes ; c’est notre tâche à nous tous. 
 
Quelle solution ?  
 
Certains secteurs se montrent très tolérants envers la violence et le crime.  D’autres secteurs estiment que la seule réponse serait une plus grande répression.  Quelques secteurs se disent opposés à la violence, mais sans la dénoncer avec force quand elle leur convient.  Il est difficile de saisir correctement la réalité de la violence dans le pays, parce qu’il y a le marronnage et le double langage ; tout cela mène a de grandes suspicions et doutes. 
 
Voici la position de la Commission en ce qui concerne la violence et l’insécurité.  Combattre l’insécurité n’est pas une question d’armes seulement.  Nous ne prétendons pas que le pays n’a pas besoin police ou de force répressive.  Mais, on ne peut l’oublier : le couteau dont se sert le médecin pour enlever une malingue, causera une blessure qui elle-même aussi demandera guérison.  La seule force répressive ne peut apporter la paix et la convivialité dans un pays.  Au contraire, il faut toujours souhaiter que tous écouteront la voix de la raison.
 
Nous continuons à faire appel à tous ceux et celles que cela concerne, surtout à ceux et celles qui croient pouvoir régler leurs différends et conflits, ou bien qui cherchent à réaliser leurs intérêts par la violence, de chercher d’autres chemins qui correspondent à la dignité de la vie humaine.  D’autres chemins pour régler des différends sont la négociation et le dialogue, et toutes sortes d’activités citoyennes qui permettent de se valoriser et de progresser.  La Commission veut continuer à s’engager pour qu’il y ait plus de respect pour la vie et la dignité de la personne humaine dans le pays.
 
La paix exige la collaboration de tous les secteurs ; il exige beaucoup de vérité et de transparence entre acteurs et groupes sociaux qui prétendent travailler pour le bien du pays.
 
Voici comment nous comprenons les différentes responsabilités :
 
La politique
 
La Commission Justice et Paix constate que l’éducation civique et politique du peuple Haïtien était absente des grandes priorités durant la campagne électorale, et du coté des partis politiques et du coté du CEP.
 
Nous saluons les accords conclus entre les partis politiques pour régler les problèmes par voie de dialogue et de négociation.  Ces efforts doivent se poursuivre.  Nous pensons qu’il est important que les partis politiques continuent à motiver leurs bases et partisans pour respecter ces mêmes principes.
 
Si le premier tour des élections s’est déroulé sans des actes majeurs de violence, ce n’est pas à cause de la bonne organisation du scrutin.  Il faut saluer avant tout le bon sens des citoyens et citoyennes qui rejettent la violence politique et qui veulent le changement pour le pays.
 
Le Gouvernement
 
Un gouvernement de transition devrait être avant tout un gouvernement qui rassemble les forces présentes dans le pays.  On ne peut pas parler d’une vraie réussite.  Plusieurs déclarations n’invitaient pas les protagonistes à se rencontrer et pour faire la vérité.  D’autres secteurs se laissaient conduire par leurs déceptions et frustrations.  C’est le pays tout entier qui en paie les frais.
 
Nous devons questionner la politique sociale du Gouvernement de transition.  Les promesses ne manquaient pas.  Le CCI en abondait.  Mis à part quelques infrastructures dans la capitale et le travail sur une des routes nationales, où est-ce que l’Etat a créé du travail ?  Pourquoi des travaux entamés ne se terminent jamais ?  Pourquoi l’Etat néglige-t-il de payer ses employés les arriérés de leurs salaires ?  Pourquoi cet absence de politique sociale pour accompagner la cherté de la vie ?  Est-ce tout cela ne devrait pas créer des frustrations et des formes de violence dans le pays ?
 
La Justice
 
Réaliser la justice entre les citoyens par un Pouvoir judiciaire compétent et efficace est un outil important pour combattre l’insécurité et pour régler les conflits sociaux.  Si  la Justice refuse de résoudre les conflits selon les prescrits de la loi, elle encourage l’impunité et la violence.
 
Dans ce temps de transition, les maladies dont souffre la Justice depuis tant d’années se sont révélées davantage.  Plusieurs décisions judiciaires créent la confusion et le doute chez les citoyens.  Y a-t-il un vrai Pouvoir judiciaire dans le pays ? 
 
Le désarmement
 
Oui, les armes sont une menace pour la sécurité.  Un grand pourcentage des victimes de la violence, sont des victimes d’armes de poing et d’armes de guerre.  Cela devrait porter à la réflexion.  Le désarmement n’a jamais eu lieu ; l’impunité fait son chemin.
 
A quand les jugements des présumés criminels et kidnappeurs qu’on a annoncés depuis plusieurs mois ?  A quand les jugements qui devraient mettre les coupables devant leurs responsabilités ?  Pourquoi, après tant d’enquêtes et d’investigations annoncées on reste tellement vague sur les auteurs des crimes ?
 
Le Secteur privé
 
La sécurité ne se réalisera pas avec les armes ; il faut des activités qui portent les gens à croire dans leur avenir et l’avenir du pays.  Surtout les jeunes doivent sentir que le pays leur appartient.  Le travail et l’assurance d’une rétribution ne devrait pas rester une promesses pour « après les élections ».  Si ce n’est pas l’Etat qui doit faire tout, où est l’initiative du Secteur privé ?
 
Les Eglises
 
Nous regrettons l’absence des forces morales du pays pour éclairer les gens, pour prendre en main la formation et l’éducation des citoyens, pour aider à tous de se savoir responsables.
 
Nous avançons vers d’autres étapes du processus électoral, sans qu’il y ait de formation civique, sans une bonne réflexion et formation sur le sens de la politique et de la démocratie dans la vie d’une communauté et sur la façon que tous et toutes peuvent offrir leur participation.
 
Redémarrer le pays sur une autre base
 
La Commission Justice et Paix demande aux leaders politiques et sociaux de ne pas laisser passer ce moment historique, sans entrer dans un processus de dialogue où ils peuvent discuter de tous les problèmes, où tous peuvent exprimer leur façon de voir la société, sans qu’aucune catégorie sociale ou groupe politique ne se sente exclu.  Ce « Chita tande » devrait permettre de prendre les décisions clés pour résoudre des problèmes structurels dont souffre le pays et d’agir sur les problèmes conjoncturels.
 
En finir avec le règne de l’impunité.  Depuis notre premier rapport, nous le répétons à chaque reprise : la seule façon de combattre la violence et d’empêcher qu’il y ait d’autres victimes, c’est de rendre les coupables responsables de leurs actes.  C’est le sens de la lutte contre l’impunité.  Après trois ans d’observation, après un changement de gouvernement et beaucoup de promesses, nous constatons que cette lutte reste au même degré.   Au contraire, certaines décisions judiciaires, prises à différents niveaux, sembleraient encourager l’impunité.
                                                                                                                                                 
Vous, autorités, il est de votre devoir d’organiser un Etat qui soit à la hauteur de ses responsabilités.  Vous êtes les gardiens du bien commun des citoyens.  Nous ne demandons aucune faveur.  Nous demandons seulement que ceux et celles qui se trouvent dans une position d’autorité prennent leurs responsabilités. 
 
Pour le Comité Directeur National, sur rapport de la Commission Justice et Paix de l’Archidiocèse de Port-au-Prince. 
 
 
 
 
 
 
P. Jean Hanssens
Directeur
 
 
 
Copie : CEH, OPC, droits humains, la presse.   Le texte en créole est original


 Vyolans sou zòn metropolitèn nan
pou mwa novanm 2005   
 
 

<td valign="top

Jou ak dat
Enfòmasyon sou viktim yo
Ki kote,  zòn katye