Dwa pou travayè ak travayèz yo jwen yon bon salè ak bon kondisyon travay nan lenpas
Nòt pou laprès, Mèkredi 29 Jiyè 2009
Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap Defann Dwa Moun (POHDH) konstate peyi a ap viv yon ansanm kriz : ensekirite alimantè, refòm nan inivèsite Leta a, salè minimòm, pri gaz la k ap monte sou mache lokal la. Yon bann kriz konjonktirèl ki pran rasin yo nan yon ansanm kriz estriktirèl. Kriz sa yo montre aklè kòman Leta a pa pran responsablite l kòm sa dwa, pou dwa moun respekte.
Nan mwa avril 2008 la, popilasyon ayisyen an toupatou nan tout kwen peyi a te leve kanpe pou di aba lavi chè ki t ap depafini yo. Depi lè sa a, lavi chè a vin pi rèd. Dènye estatistik yo montre aklè yon kote 4.5 milyon Ayisyen ap viv nan yon sitiyasyon vilnerablite alimantè epi yon lòt kote peyi a trouve l nan yon sitiyasyon depandans alimantè kote 58% pwodui n ap manje sòti lòt bò dlo. Sitiyasyon sa a bay anpil kè sote lè nou konnen done estatistik yo montre genyen 2.5 milyon Ayisyen gentan nan ensekirite alimantè (ka Bè doranje se yon ekzanp vivan).
Pandan prezidan peyi a ap fè mobilizasyon pou montre patwon yo paka bay malere ak malerèz k ap travay nan faktori yo 200 goud pou yon jounen travay 8 tè tan. Mentou, Depi plis pase 2 semèn, nan tout pomp nan kapital la, pri gaz la ap monte. Responsab yo nan Leta a pa di yon mo sou sa. Tout moun kapab konprann ki konsekans sa ka genyen sou kondisyon vi travayè ak travyèz yo.
Yon moun bezwen pou l viv : manje, vètman, edikasyon, kay, swen sante…ak distraksyon. Li bezwen travay tou. Travay, wi. Men travay, ak yon salè ki ka pèmèt li rete anvi, pou repwodwi fòs travay li epi pou l ka fè fas ak tout bezwen nou sòt site la yo. Se sou baz sa a salè minimòm nan dwe kalkile.
Jounen jodi a, Leta ayisyen devan yon responsablite istorik. Se li menm lwa peyia fè obligasyon pou fikse yon salè debaz, kidonk yon salè ki chita sou tout bezwen nou sòt site yo, sou kou lavi a anjeneral, epitou sou dwa moun genyen pou viv tankou moun, sa ki ta vle di : viv nan diyite. Salè debaz sa a di tou ki mak fabrik Leta, vizyon gouvènman an k ap mete an aplikasyon yon politik piblik, ki dwe charye revandikasyon ki sòti nan zantray pèp la nan lide pou kaba polarizasyon anndan yon sosyete kote yon tiponyen moun ap vinn pi rich chak jou pi plis epi
yon mas moun ap anfonse nan yon kondisyon mizerab chak jou pi plis akòz yon sistèm eksplwatasyon Leta a fèmen je sou li.
Jounen jodi a, Palman an ki se yon branch nan Leta a te pran kouraj li ak demen lè li te deside vote, malgre chantay, tout kalite mannèv koripsyon ak entimidasyon, yon lwa ki fikse salè debaz la a 200 goud. Anverite, si n ap konsidere tout kalite depans yon fanmi gen pou fè anba lavi di sa a, 200 goud la pa sifi. Men pazapa li taka rive nan nòmal si gen bònfwa ak volonte politik.
Pozisyon patwon sa yo, ki wont di nasyon an benefis yo fè chak ane sou do malere, ak prezidan repiblik, ki pa gen anyen pou l wè ak mizè pèp la, manke bon sans. Etidyan ak lòt invèsitè, sendika ouvriye ak òganizasyon nan sosyete a leve kanpe pou di wi fòk yo bay malere ak malerèz k ap travay nan faktori 200 goud pou pipiti pou yon jounen travay. Men prezidan an ak patwon yo di non.
Yon lòt fwa ankò boul la nan pye Palman ayisyen an : Depite ak Senatè pran resposablite nou. Panse ak lekòl ti moun yo, pifò lekòl anndan peyi a se prive yo ye. Panse ak dwa moun yo genyen pou jwennn swen sante lè yo tonbe malad, pifò lopital anndan peyi a se lopital prive. Panse ak tout lòt pwoblèm malere ak malerèz ap kòlte ak yo toulèjou. Bay ouvriye ak ouvriyèz nan faktori yo 200 goud se ap fè yo jistis sou yon fòm, sa ap pèmèt yo gen fòs pou kontinye travay, pou yo okipe pwòp tèt yo ak fanmi yo.
Platfòm nan ap raple Prezidan repiblik la, chèf primati a, Minis Afè Sosyal la, patwon faktori yo ak sendika travayè yo, atik 35, 35-1 manman lwa peyi a, atik 23 Deklarasyon Inivèl Dwa Moun nan rekonèt dwa tout moun k ap travay genyen :
1- Pou yo jwenn bonjan kondisyon pou yo travay ;
2- Pou yo jwenn pwoteksyon nan travay yo ;
3- Pou yo jwenn bonjan salè pou yo menm ak fanmi yo mennen yon vi totalkapital nan diyite.
Nan sans sa a, Platfòm nan mande :
Plaman ayisyen an :
– Retounen lwa sou salè minimum nan menm mo ak dispozisyon yo te vote l la, san chanje yon yota ladan l ;
Prezidan peyi a :
– Pibliye nan jounal ofisyèl peyi a, « Le Moniteur » lwa sou salè minimòm peyi a nan menm mo ak dispozisyon palman an vote l la.
Pou òganizasyon yo :
– Kontinye mobilize pou fòse Leta pran responsablite l nan kreye bon kondisyon travay nan tout peyi a.
Antonal MORTIMÉ
Secrétaire Exécutif