Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè
Commission Episcopale Nationale Justice et Paix
Secrétariat national
BP 1572
Port-au-Prince  Haïti 6110
Tel / Fax 222 78 99
www.forumcitoyen.org.ht/jilap
 
 
Jistis ak Lapè Achidyosèz Pòtoprens
Sekretarya
Acheveche
Pòtoprens
 
 
 
 
 

Vyolans nan lari zòn metwopolitèn nan

 
Rapò espesyal: 4 lane òbsèvasyon zak vyolans nan lari zòn metwopoliten an
 
 
 
 
 

Mas rive me 2006

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
Rapò 19
Pòtoprens, 29 jen 2006
 
 
 
Lèt tou louvri pou tout otorite ki konsènen yo:
Mèt René Magloire, Minis Lajistis
M. Mario Andrésol, Direktè Lapolis Nasyonal
Mme Jessy Cameau Coicou, Enspektris Jeneral Anchèf Lapolis Nasyonal
M. Frantz Lerebours, Pòt pawòl Lapolis Nasyonal
M. Youri Latortue, Prezidan Komisyon Jistis ak sekirite nan Sena Repiblik la
 
Kopi:   M. René Garcia Préval, Prezidan
M. Jacques Edouard Alexis, Premye Minis
 
 
 
 
Mesye, Madam,
Otorite sivil ak polisyè,
 
 
 
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè salye n ak anpil respè.  Ak lèt tou louvri sila a, Komisyon an prezante n yon lòt rapò sou vyolans ki fèt nan zòn metwopolitèn nan, pou mwa mas rive mwa me 2006 la.  Jistis ak Lapè ap fè travay obsèvasyon sila a depi 4 lane.  Li chwazi yon kritè senp pou mezire vyolans lan : se moun ki mouri anba vyolans nan kapital la.  Nou konsilte laprès, nou koute divès moun ki pote enfòmasyon ba nou, epitou nou fè pwòp obsèvasyon pa nou.  Ak tout sa, nou rekonèt limit rapò sila a genyen.  Li pa posib pou dekouvri tout ka ki genyen yo.  Reyalite a depase sa ki ekri nan rapò sila a.  Nou fè travay sila a pou fè otorite yo ak tout sitwayen yo konnen reyalite vyolans ki genyen nan peyi a, paske se li menm ki pi gwo lènmi byen viv ansanm nan sosyete nou an.  Epitou, chak moun ki mouri merite pou  kenbe memwa yo si posib.  Diyite l kòm moun mande sa.
 
Depi 4 lane nou konstate pi fò moun ki mouri ak vyolans se anba bal yo mouri.  Sa vle di: travay pou lavi moun dwe genyen ladan tou: kontwòl tout zam ki anndan sosyete nou an.  Semèn sa a, nan Nasyonzini, y ap fè gwo deba sou kesyon komès zam lejè ant peyi yo.  Nou konte sou nou pou Gouvènman apiye tout pwopozisyon ki ale nan sans yon kontwòl ki pi efikas sou zam sa yo, sou kòmès zam yo ak sou kondisyon yo ye nan men sitwayen yo.  Nou konte sou nou pou rive genyen anndan peyi a tou yon pi bon fason pou asire kontwòl zam yo.
 
Pou Komite Direktè Nasyonal la, sou rapò Jilap Achidyosèz la.
 
 
 
 
 
P. Jean Hanssens, direktè


A.  Yon ti gade nan rapò pou mwa mas, avril ak me  2006 la, nan zòn kapital la
 

Pou obsèvasyon mwa mas rive mwa me 2006, nou konte an total 62 ka moun yo asasinen.  Mwa mas gen 23, mwa avril gen 17 ak mwa me 22.  Nou konstate gen yon bese vyolans moun ki mouri anba vyolans nan mwa sa yo pa rapò ak lòt mwa ki te pase anvan yo.   Men nou pa p bliye lòt zak malonèt yo ki toujou  kontinye ap fè wout anndan peyi a.   Sou kantite viktim sa yo nou anrejistre 9 polisye, 4 ajan sekirite, 8 fanm ak 2 timoun.  

 
 
 
Sa ki atire atansyon nou :
 
 
Mwa mas 2006
kantite viktim 23
Mwa avril 2006
kantite viktim 17
Mwa me 2006
kantite viktim 22
1.    Sou idantite viktim yo :
Polis ak ajan sekirite ki viktim
4 polisye / 3 sekirite
1 Polisye APENA
 
3 polisye nasyonal,
1 polisye APENA
1 ajan sekirite            
Fanm ak timoun ki viktim
3 fanm /  1 timoun
3 fanm / 1 timoun
2 fanm
Viktim yo pa konnen kilès yo ye
4
8
11
 
 
 
 
2.       Sou lakòz lanmò yo :
Moun ki mouri ak bal
 
20
 
13
 
17
Moun ki mouri ak bal lapolis/ Ministah
 
 
2
 
1
 
 
 
 
Moun ki mouri ak bal bandi ki sou etikèt Lavalas
 
8
 
2
 
9
Moun ki mouri ak bal nèg ak zam yo pa rive idantifye
 
12
 
9
 
7
Moun ki mouri ak zam blanch, wòch, fè, baton ak manchèt
 
1
 
 
Moun ki mouri nan aksidan ak move tan
1
4
5
 Lot kòz yo pa konnen
1
 
 
 
 
3.    Sou kèk katye :
Bèlè, zòn Dèlma 2 ak 4, Fò Nasyonal ak Solino
 
2
 
2
 
1
Lasalin, Site Solèy, wout Nasyonal # 1 ak zòn Site Militè
 
 
2
 
5
Zòn Kafou
1
2
Gran Ravin ak Matisan
8
1
4
 
 
 
 
4. Sou kèk lòt sikonstans:
Moun ki mouri sou etikèt vòlò
 
 
2
 
 
4
 
 
3

 

Nou voye kondoleyans nou bay fanmi polisye sa yo ak tout lòt moun ki viktim zak vyolans anndan peyi a.  Lavi chak moun enpòtan, li pa gen pri.  Se pa nan vyolans pou yon kretyen vivan ta dwe pèdi lavi li, moun pa merite sa.  Menm jan tou, moun pa dwe tounen yon machandiz pou fè lajan fasil.  Nou toujou kondane tout zak malonèt sa yo, tankou  kidnapin ak tout lòt ajisman ki kontrè ak diyite Bondye bay moun. 
 
Nou dwe devlope yon lòt chimen pou regle konfli ak dezakò nou yo, nan negosyasyon, bon jan dyalòg, ak tout  lòt kalite aktivite sitwayen ki ede moun ak bay tèt yo valè.  Nou vle kontinye travay pou gen plis respè pou lavi ak diyite chak moun nan peyi a. 
 

 

B. Yon ti koze sou 4 lane vyolans

 

 

1. Divès kalite vyolans ki genyen

 
Depi 4 lane,  Jilap nan Pòtoprens ap fè obsèvasyon sou vyolans nan lari nan zòn metwopolitèn nan.  Kòm kritè pou mezire vyolans lan, nou toujou ap gade konbyen moun ki mouri anba vyolans nan lari kapital la.
 
Men, apa moun ki jwenn lanmò yo anba vyolans genyen anpil lòt fòm vyolans toujou : genyen tout kalite vyolans ak zam, genyen sa k blese san pyès moun pa rive konte yo, genyen vyolans tankou kidnapin, gen vyòl sou fanm, gen vyolans ak zam blanch, sa yo rele kouto, pik, manchèt, rach, pikwa, elatriye.  Genyen vyolans ak presyon k ap fèt sou moun pou tout kalite rezon.  Gen vyolans tou nan trafik ak lè gen aksidan.  Gen vyolans nan pawòl moun ap pale…  Rapò nou yo genyen anpil limit lè yo pale sou vyolans.  Nou annik gade moun ki mouri anba vyolans.
 
Nou fè travay sa a, paske chak moun enpòtan ; lavi chak moun konte.  Vyolans ki genyen an montre tou degre enpinite ki genyen nan peyi a paske nou pa fasil tande aksyon lajistis ap pran kont moun k ap asasinen lòt moun.  Epi nou wè gwo dega ti zam tankou revòlvè ap fè nan mitan popilasyon an, paske pi fò moun se anba bal yo mouri. 
 
Pratik vyolans yo ap evolye : Se pa toujou menm vyolans yo ki fèt.  Egzanp: nan dènye mwa sa yo, y ap di genyen mwens vyolans paske genyen mwens viktim ki jwenn lanmò, men gen plizyè lòt fòm vyolans ki parèt ak anpil fòs.  Kidnapin lan toujou ap fè kous li, fanm yo toujou ap sibi presyon ak kadejak, menm si bri zam yo bèbè.  Vyolans fizik anpil fwa ap fèt pou kontwole lespri moun, lè sa a li tounen yon vyolans sikolojik nan kreye yon klima laperèz lakay moun.
 
Moun k ap fè vyolans yo menm genyen yon rezon pa yo ki fè yo fè sa y ap fè a : Delè yo vle kontwole lavi ak ekonomi lòt moun.  Gen moun k ap chèche enterè pèsonèl ekonomik yo : lajan, avantaj byen, privilèj, asire monopòl.  Men gen tou rezon politik ki fè moun aji.  Anpil vyolans fè pati yon estrateji politik pou jwenn oswa pou kenbe pouvwa, privilèj oubyen menm pou asire enpinite.
 
Delè yo pale sou vyolans kriminèl nan ka vyolans fèt pou avantaj ekonomik, lè l mare ak dwòg, oswa lè l fèt sou baz vanjans oswa fristrasyon.  Men lè n gade byen, nou panse, tout vyolans se vyolans kriminèl li ye.  Menm vyolans pou rezon politik se vyolans kriminèl li ye.  Nan yon sosyete ki òganize kòm sa dwa, vyolans pa dwe sèvi pou regle relasyon ant moun ak gwoup moun.
 
Konsekans vyolans sa yo grav.
·        Moun yo ap viv nan laperèz ak kè sote, youn pa fè lòt konfyans ankò, se divizyon ki nan mitan popilasyon an.
·        Bon kalite ak tradisyon pèp Ayisyen an te genyen yo, ap depafini.  Relasyon nan mitan youn ak lòt ap fin degrennen.
·        Vyolans lan ranfòse enpinite a, paske Leta pa janm rive fè jefò pou pini moun k ap fè vyolans, k ap touye moun k ap fè presyon sou moun.  Sitirans sa yo, se sous ki  mennen pi plis vyolans anndan peyi a.
·        Vyolans ap paralize tout aktivite ekonomik.  Moun yo bezwen pran pi gwo risk pou yo mennen aktivite yo.  Ekstòsyon lajan ap fèt tout jan pou jwenn sa yo rele pwoteksyon.  Tout sa fè lavi vin chè anpil.
·        Vyolans se yon gwo danje pou avni peyi a.  Tout moun ap sonje pakèt timoun ki te pote zam nan men yo, ki t ap menase moun, ki t ap fè vyolans ak briganday, ki te sèvi kòm eklerè lè pi gwo zak vyolans yo t ap fèt anndan peyi a nan ane ki sòt pase yo.  Timoun yo merite pi bon edikasyon ak pi bon egzanp si nou vle pou yo vin sitwayen reskonsab denmen.
 
2. Vyolans ak zam :  kèk chif ak entèpretasyon
 
Anpil vyolans fèt ak zam.  Ann gade kèk chif :
·        Depi 4 lane (47 mwa anviwon), Jistis ak Lapè ap fè obsèvasyon vyolans, li rive konte 2506 kadav moun ki mouri ak vyolans nan lari.  1875 ka viktim se ak zam moun sa yo jwenn lanmò yo.  Gen 178 se ak zam blanch ki pote non pik, manchèt, rach, pikwa, elatriye moun sa yo viktim. Gen 116 viktim mouri nan lòt fòm tankou aksidan.  Nan 337 ka nou pa jwenn kòz yo. 
·        Konsa, chak jou te genyen 2 oswa 3 moun ki te viktim anba vyolans ; nan youn ou de ka se  ak zam yo mouri.
 
·        Pandan kèk epòk ki te genyen anpil vyolans :
o       nou siyale mwa oktòb 2003 rive mwa me 2004 : kèk mwa anvan epi apre 29 fevriye 2004 la ;
o       nou siyale tout epòk la depi mwa sektanm 2004 rive janvye 2006.
o       Vyolans ak zam fè yon gran bese  depi mwa fevriye 2006.
 
Divès epòk sa yo mache ak gwo boulvès oswa chanjman politik.  Sa fè n wè, sitiyasyon ekonomik yo difisil anpil pou pi fò moun, epi li se yon sitiyasyon vyolans k ap dire ki genyen.  Men, anpil vyolans (ak zam oswa lòt) genyen rasin anndan reyalite politik peyi a ap viv.  Sa vle di : « vyolans ak zam » anndan peyi a parèt tankou yon kesyon ki mare sitou ak reyalite politik la.  Aktè yo ak viktim yo kapab chanje selon konjonkti k ap travèse peyi a, sitou anvan epi apre 29 fevriye 2004 la. 
 
Konsta sa a pa dwe fè n bliye tout lòt bagay k ap ankouraje vyolans la, tankou :
·        Pwoblèm sosyal ak ekonomik yo k ap divize peyi a epi ki lakòz gwo fristrasyon lakay plizyè moun ;
·        Kesyon enpinite a : gen vyolans k ap fèt pou yo pa rive pini moun ; men enpinite a sou bò pa l ap ankouraje vyolans tou;
·        Anpil vyolans kriminèl makonnen ak dwòg ;
·        Genyen tou fason Etazini ak kèk lòt peyi ap depòte moun ki sòti nan prizon lakay yo ;
·        Genyen pakèt zam ilegal ki nan men popilasyon an.
 
Enpinite a mande plis konsiderasyon toujou.  Men sa ki ankouraje enpinite a: detansyon pwovizwa pwolonje; lè kèk polisye lage moun nan gadavi pou lajan; lè kèk jij fè yo lage moun pou lajan olye yo jije moun ki parèt devan yo kòm sa dwa.  Jistis popilè, zak vanjans ak egzekisyon sòmè (nou konte kèk ka nan dènye mwa yo), se zak k ap montre toujou degre enpinite ki genyen nan peyi a.
 
Jounen jodi a toujou, pandan tout moun ap di genyen mwens vyolans, chak de (2) jou gen yon moun ki mouri ak vyolans zam nan kapital la.  Si n ta gade reyalite vyolans la nan tout peyi a, nou t ap jwenn pi plis moun ki viktim toujou.
 

3. Ki kote zam yo sòti nan peyi d Ayiti

 
Zam yo nan peyi a, genyen yon istwa ki pa piti.  Kèk moun ale jouk nan lit pou endepandans pou jistifye sitwayen yo gen dwa genyen zam lakay yo.  Y ap pale sou zam tankou garanti libète sitwayen yo.
 
Men, lè n gade istwa ki pi resan an, nou wè zam yo pa t janm sèvi pou defann libète moun vre.  Okontrè, yo sèvi sitou pou kreye laperèz, pou fè presyon, pou dominen moun epi pou defann pwòp enterè mesken kèk moun oswa kèk gwoup moun.
 
·        Anpil moun ap sonje zam ki te nan men VSN ak tonton makout sou diktati Divalye; manchèt, zam blanch, revòlvè, ti mitrayèt.  Eske yo te la pou defann pèp la?
·        Anpil moun ap sonje toujou zam ki te nan men Fraph pandan ane koudeta yo.  Eske yo te la pou defann enterè pèp la?  Depi nan epòk sa yo, yo kòmanse pale pi plis sou vyolans k ap sèvi kòm yon zouti politik anndan peyi a.
·        Plizyè moun ap sonje operasyon « Fè koupe fè » pandan ane koudeta yo, pou fè prezidan an tounen nan peyi a.
·        Konbyen zam ki te nan men fòs ame yo (Minuah) lè yo te mennen prezidan Aristid vini, zam ki te nan men lapolis, e menm nan men Minustah ki t al jwenn bandi ak kriminèl ?
·        Kote zam yo ki te nan men ansyen lame d Ayiti ak pakèt polisye yo voye ale nan lapolis pou divès rezon ?
·        Anpil zam te vin distribye pou rezon politik sou divès gouvènman Lavalas.  Men gwoup ak zam yo se moun divès tandans politik yo te ye.  Ki vle di : gen plizyè gwoup ak tandans politik ki mele.
·        Kilès ki kontwole zam divès konpayi sekirite yo genyen nan men yo ?  Konbyen moun ki nan sèvis yo ?  Konbyen zam yo genyen ?
·        Sitou nan finisman lane 2003 rive 2006, anpil sitwayen ap fè eksperyans dega zam nan kò yo, nan fanmi yo.  Pakèt moun ki mouri: gang touye yo pou rezon politik, nan aksyon kriminèl, nan lit ant gang, nan entèvansyon lapolis kont gang, nan aksyon gwoup zewo tolerans.  Se pa pale.
 
Chak dlo vini ak krabinay pa l.  Anpil sektè politik e menm ekonomik mele nan zafè vyolans ak zam sa yo.  Li bon pou n sonje l.  Nou pa vle akize, sèlman nou vle tout moun pran konsyans zam pa p regle anyen.  Men tou, moun ki koupab epi k ap fè vyolans sou lòt  moun dwe aprann viv nan laverite ak tèt yo, epi asepte pran reskonsablite pou zak yo fè yo.  Se nan sa y ap montre yo se moun tout bon vre. Leta dwe pran reskonsablite l nan konbat vyolans ak enpinite.  Se nan sa l ap montre se yon Leta tout bon li ye.
 

4. Kanpay kont zam lejè

 
Nan anpil peyi sitwayen yo kòmanse fatige ak zafè kòmès zam ki fè yon seri moun (fabrikan, dilè, kòmèsan ak sa k ap sèvi ak yo) vin rich sou do lamizè, soufrans ak pwoblèm lòt moun.  Semèn sa a, gwo deba ap fèt sou koze a nan Nasyonzini.
 
Nan Nasyonzini y ap mennen kanpay pou limite kòmès zam lejè yo, epi  pou mete pi gwo règleman pou yo.  Akò sa yo nan zafè zam lejè dwe vin konplete tout lòt règleman ki fèt deja sou gwo zam nikleyè ak sou yon kalite zam yo ki se min pou touye ak blese moun (sa yo rele min anti pèsonèl).  Plis moun vin konprann diferans nan mitan moun pa dwe regle ak zam, men nan negosyasyon ak bon jan dyalòg.
 
Komisyon Jistis ak Lapè apiye kanpay k ap fèt nan Nasyonzini ak nan divès peyi pou fè regleman vin pi serye nan zafè komès zam.  Konsa, Jilap pwopoze e li mande gouvènman peyi a pou:
 
a.     Leta kontwole tout zam k ap antre nan peyi a pi byen.  Tout zam ak tout minisyon (bal) ki antre dwe anrejistre kòm sa dwa.  Leta dwe kontwole yo.
b.    Dwe gen pi gwo kontwòl pou konbat zam k ap rantre an kachèt.  Fwontyè ki separe peyi a ak Repiblik Dominiken an mande bon jan siveyans nan sans sa a.
c.     Tout zam ki lakay sitwayen yo dwe anrejistre kòm sa dwa.  Dwa Manman lwa peyi a bay sitwayen yo pou genyen yon zam lakay yo, pa dwe yon otorizasyon pou fè briganday.  Tout zam dwe anrejistre.  Bal yo tou dwe anrejistre.  Chak moman yon sitwayen genyen yon zam, li dwe kapab rann kont kote zam lan ye, si yo te sèvi ak li, kote bal yo ye, el. 
d.    Nou ankouraje polis jidisyè a pou l sèvi pi plis ak metòd otòpsi lè kretyen vivan mouri anba bal, pou rive konnen kilès ki otè tèl ou tèl krim.  Fòk moun sòti nan sispèk ak voye monte san prèv.
e.     Lapolis ki sèl fòs ki gen dwa pote epi sèvi ak zam an piblik, dwe bay prèv konpetans, pwofesyonalis ak moderasyon l.  Se pa sèl zam ki genyen pou metrize yon foul moun.
f.      Leta dwe konnen, chak fwa li anonse yon ankèt, epi okenn rezilta pa janm pibliye, se pwòp otorite moral li l ap detwi.
g.     Granmoun ki bay timoun zam nan men yo merite gwo sanksyon, paske timoun pa dwe pote zam.  Timoun ak jèn ki pokò gen laj pou yo reskonsab, merite yon apwòch ki adapte ak pwòp sitiyasyon yo. Sant akèy pou timoun ak jèn dwe louvri, yo dwe byen òganize ak moun ki konpetan.
h.    Leta dwe pran pi gwo detèminasyon ak reskonsablite l pou l konbat enpinite.  Se nan sa l ap montre l se yon Leta tout bon vre.
 
Komisyon Jistis ak Lapè mande pou gouvènman peyi a apiye tout pwopozisyon k ap fèt nan Nasyonzini pou kontwole kòmès zam nan pi byen onivo entènasyonal.
 
 
 

Quelques considérations sur 4 ans de violence dans le pays

 

 

1. Les diverses faces de la violence

 
Depuis 4 ans, la Commission Justice et Paix de Port-au-Prince fait une observation systématique de la violence dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince.  Le critère dont elle se sert est l’observation des morts par violence dans la capitale.
 
Mais il faut bien se rendre compte qu’il existe d’autres formes de violence : il y a également la violence des armes qui blessent sans tuer ; personne ne prend la peine de compter les blessés de toutes sortes ; il y a la violence des kidnapping, les viols qui touchent les femmes et jeunes filles ; la violence des armes blanches (couteaux, manchettes, piques, etc.).  Il y beaucoup de violence dans la circulation et quand il y a des accidents ; il y la violence verbale, les paroles qui blessent.  Nos rapports ont donc beaucoup de limites quand nous parlons de violence.  Nous nous limitons aux victimes mortelles des différentes formes de violence.
 
Nous faisons cette observation parce que la vie humaine est importante ; la vie de chaque personne compte.  Cette violence démontre également le phénomène de l’impunité dans le pays, parce que c’est rare d’entendre qu’il y a des poursuites judiciaires contre un assassin.  Nous constatons le dégât fait par ce qu’on appelle les armes légères parmi la population, parce que les victimes mortelles de la violence sont dans la grande majorité des victimes de la violence armée.
 
Les pratiques de la violence évoluent d’ailleurs selon les époques.  Exemple : durant ces derniers mois on entend dire qu’il y moins de violence parce qu’il y a moins de victimes mortelles, mais d’autres pratiques de violence font rage : il y a les cas de kidnapping qui persistent, de nombreuses femmes subissent des pressions et sont victimes de viol.  La violence physique en cache une autre plus terrible : la violence psychologique pour contrôler les esprits des gens par la peur. 
 
Ceux qui pratiquent la violence ont leurs motifs à eux, comme contrôler la vie des autres ou l’économie du pays ; il y a les intérêts personnels : l’argent, le gain rapide, jouir des privilèges, assurer des monopoles.  Il y aussi les motifs politiques : les avantages, le pouvoir, les privilèges.  Beaucoup de situations de violence font partie d’une stratégie politique pour s’assurer le pouvoir ou l’impunité.
 
Parfois on parle de violence criminelle quand il s’agit de motif économique, quand il y a des liens avec la drogue, quand il s’agit de frustration ou de vengeance.  Mais, quand on considère bien les choses, toute violence est fondamentalement criminelle, même la violence pour motif politique.  Dans une société, la violence ne devrait pas servir pour régler les relations entre personnes et groupes humains. 
 
Les conséquences de la violence sont graves.
  • La peur s’empare des esprits ; la méfiance et la division s’installent dans la population. 
  • Les bonnes qualités de la tradition haïtienne se perdent.  Le tissu social s’effrite.
  • La violence renforce l’impunité, parce l’Etat n’essaie même pas de punir les auteurs de la violence, les assassins ou ceux exercent des pressions indues sur leurs concitoyens.  Cette forme de tolérance encourage plus de violence dans le pays.
  • La violence paralyse les activités économiques.  Il faut prendre des risques pour exercer ses activités.  Il faut se soumettre aux pressions et extorsions.  Tout cela contribue à la cherté de la vie.
  • La violence est un danger pour l’avenir du pays.  On se souviendra les enfants armés, qui faisaient des menaces, qui faisaient service d’éclaireurs pour permettre certains actes de brigandage.  Ces enfants mériteraient une meilleure formation et éducation et de meilleurs modèles pour devenir des citoyens responsables demain. 
 
 
2. La violence des armes : chiffres et interprétations
 
La plupart des cas de violence mortelle se fait par l’usage des armes à feu.  Voici des chiffres.
  • Pendant les 4 ans d’observation (47 mois environ), Justice et Paix a compté 2506 victimes mortelles, dont 1875 sont des victimes de la violence armée ; 178 sont des victimes d’armes blanches ; 116 sont des victimes d’accidents routières ou naturelles ; on ne connaît pas la cause de 337 cas. 
  • Si en moyenne 2 ou 3 personnes tombent chaque jour comme  victimes de la violence, 1 ou 2 sont des victimes d’armes à feu.
 
  • Quelques périodes étaient particulièrement violentes :
    • Nous signalons l’époque entre octobre 2003 et mai 2004 : les mois avant et après le 29 février 2004 ;
    • Nous signalons l’époque entre septembre 2004 et janvier 2006 ;
    • La violence des armes a baissé beaucoup depuis le mois de février 2006.
Ces époques marchent avec de gros bouleverses ou changements politiques.  Ceci démontre, même la situation économique est une situation de violence permanente, la violence armée (et autre) est surtout l’apanage des réalités politiques dans le pays.
  • Les victimes et acteurs peuvent varier selon la conjoncture politique concrète, qui a ete marquée surtout par le 29 février 2004.  Ce constat ne doit pas occulter les autres facteurs qui encouragent la violencve armée, comme :
    • Les problèmes socio-économiques qui divisent la société et provoquent de grandes frustrations ;
    • Le lien entre violence et impunité.  Si la violence doit assurer dans un nombre de cas l’impunité, l’impunité encourage la violence ;
    • La crimininalité liée à la drogue et autres ;
    • La politique des déportations d’anciens prisonniers pratiquée surtout par les Etats-Unis ;
    • La prolifération des armes à feu illégales.
 
L’impunité demande plus d’attention.  Elle est encouragée par la détention préventive prolongée ; elle est encouragée quand certains policiers relâchent des suspects au niveau des gardes à vue pour de l’argent et quand des juges relâchent des suspects pour de l’argent au lieu de les juger correctement.  La justice populaire, la vengeance et l’exécution sommaire (nous en avons enregistré 4 cas dans les derniers 3 mois) illustrent bien le degré d’impunité dans le pays.
 
Aujourd’hui, même si tous reconnaissent qu’il y a moins de violence, chaque 2 jours au moins il y a une victime mortelle qui tombe dans la capitale.  A l’échelle du pays, les chiffres seraient évidemment plus éloquents. 
 

3. D’où viennent les armes ?

 
Les armes dans le pays ont une longue histoire.  Il y a des gens qui remontent à la lutte pour l’indépendance pour justifier le droit des citoyens pour posséder des armes.  Ils parlent des armes comme des garants de la liberté citoyenne.
 
Mais, en considérant l’histoire plus récente, nous constatons que les armes ne servent pas vraiment à défendre la liberté des citoyens.  Au contraire, elles créent la peur, elles permettent d’exercer des pressions et de dominer les autres, elles permettent à certains groupes de défendre des intérêts mesquins.
 
  • Un bon nombre de la population se souviendra les armes des VSN et des macoutes pendant la dictature des Duvalier: manchettes, armes blanches, revolvers et mitraillettes.  Etait-ce pour défendre la population?
  • On se souviendra des armes du Fraph pendant les années du coup d’état.  Etait-ce pour défendre les intérêts populaires?  Depuis cette époque on parle de plus en plus de la violence politique.
  • On se souviendra de l’opération “le fer coupe le fer” pendant les années du coup d’Etat en faveur du retour du président exilé.
  • Combien d’armes de la Minuah, de la police et même de la Minustah ne sont pas tombées entre les mains des bandits et des criminels ?
  • Où sont les armes de l’armée démobilisée et de des policiers révoqués pour plusieurs raisons ?
  • Bon nombre d’armes ont été distribuées pendant les gouvernements successifs de lavalas.  Mais les groupes armés représentent des tendances politiques différentes.  Ce qui signifie plusieurs tendances politiques sont mêlées dans la question des armes.
  • Qui contrôle les armes des compagnies de sécurité ?  Combien de personnes en font partie ?  De combien d’armes disposent-elles ?
  • Surtout à partir de la fin de 2003 jusqu’au début de 2006 bon nombre de citoyens ont fait l’expérience des méfaits des armes.  De nombreuses personnes ont trouvé la mort, victimes des gangs, suite aux interventions policières, suite aux actions de groupes tolérance zéro.
 
Plusieurs secteurs politiques et même économiques sont mêlés dans la question de la violence et des armes.  Il faut se le rappeler.  Il ne s’agit pas de formuler des accusations, mais il faut en etre conscients que les armes ne résolvent rien.  Ceux qui commettent des actes de violence, qui en sont coupables, doivent faire la vérité eux aussi et accepter les responsabilités qui s’imposent.  L’Etat également doit prendre ses responsabilités et combattre la violence et l’impunité.  C’est son devoir comme Etat.
 

4.     La campagne contre les armes de poing

 
Dans beaucoup de pays les citoyens sont fatigués avec la question du commerce des armes qui fait que certains (fabricants, dealers, commerçants, criminels) s’enrichissent au détriment de la souffrance des autres.  Cette semaine, dans les Nations Unies, un débat est entamé sur la question.
 
Dans plusieurs pays on veut entamer une campagne pour limiter et réglementer davantage le commerce des armes.  Cet accord entre pays doit compléter d’autres accords existants sur les armes nucléaires et les mines anti-personnels.  On prend conscience que, s’il y a des différends entre des personnes, ce n’est pas aux armes de les résoudre, mais il faut le faire par le dialogue et la négociation.
 
La Commission Justice et Paix appuie cette campagne menée par plusieurs groupes et organisations auprès des Nations Unies pour renforcer et réglementer davantage le commerce des armes.  Ainsi, la Commission propose et demande au Gouvernement :
 
  1. L’Etat doit mieux contrôler toutes les armes qui entrent sur le territoire national.  Les armes et munitions doivent être enregistrés correctement.  L’Etat doit en avoir le contrôle.
  2. L’Etat doit combattre avec plus de vigueur les armes clandestines qui entrent dans le pays.  La frontière qui sépare Haïti avec la République Dominicaine demande une meilleure surveillance dans ce sens.
  3. Les armes en possession des citoyens privés doivent être enregistrées correctement.  Le droit que la Constitution octroie aux citoyens de posséder une arme défensive chez eux, n’est pas une autorisation pour faire n’importe quoi.  Toute arme doit être enregistrée, tout comme les munitions.  Celui qui possède une arme doit être en mesure de rendre compte où se trouve son arme, de son usage, des munitions, etc.
  4. Nous encourageons la police judiciaire de faire recours à l’autopsie en cas d’assassinat pour détecter les auteurs des crimes.  Il faut laisser les suspicions et toute accusations sans preuve.
  5. La police, seule force qui peut faire usage des armes en public, doit donner preuve de compétence, de professionnalisme et de modération.  Il n’y a pas que les armes pour maîtriser une foule.
  6. L’Etat doit en être conscient : chaque fois qu’il annonce une enquête sans que le résultat en soit publié, ronge l’autorité morale de l’Etat.
  7. Les adultes qui laissent des armes entre les mains des enfants, méritent de sévères sanctions.  Les enfants et jeunes qui n’ont pas encore atteint l’age pour être tenus responsables, doivent être accompagnés correctement.  Les centres d’accueil pour les enfants doivent être fonctionnels, bien organisés avec un personnel compétent.
  8. L’Etat doit être plus déterminé de combattre l’impunité.  Ainsi il fournira la preuve qu’il est un Etat responsable.
 
La Commission Justice et Paix demande au Gouvernement d’appuyer durant la Conférence des Nations Unis sur les armes légères de soutenir toute proposition qui va dans le sens d’un contrôle plus efficace du commerce des armes légères au niveau international.
 
 
 


Tablo bilan viktim sòti jiyè 2002 rive me 2006
 
Mwa
Ane
Kantite ka
Gason
Fi
Timoun
Polis
nasyonal
Polis
etranje
Sekirite
Viktim idantifye
Viktim ki
pa idantifye
Jiyè
2002
14
11
3
 
 
 
 
5
9
Out
2002
17
17
 
 
 
 
 
8
9
Sektanm
2002
47
39
3
5
1
 
 
9
38
Oktòb
2002
37
35
2
 
 
 
 
1
36
Novanm
2002
40
37
1
2
 
 
1
8
32
Desanm
2002
24
23
1
 
 
 
1
10
14
Janvye
2003
9
8
 
1
 
 
 
6
3
Fevriye
2003
45
43
1
1
 
 
1
7
38
Mas
2003
16
15
1
 
 
 
 
6
10
Avril
2003
43
40
2
1
 
 
 
9
34
Me
2003
33
25
6
2
6
 
 
15
18
Jen
2003
23
20
2
1
 
 
 
12
11
Jiyè
2003
28
22
5
1
1