Commission Episcopale Nationale Justice et Paix
Secrétariat national
BP 1572
Port-au-Prince Haïti 6110
Tel / Fax 222 78 99
justicepaixha@yahoo.com
jilap.national@forumcitoyen.org.ht
www.forumcitoyen.org.ht/jilap
En créole puis en français.
Port-au-Prince, 25 avril 2006
Komisyon Jistis ak Lapè salye pèp Ayisyen an ki te patisipe nan dezyèm tou eleksyon 2006 la pou chwazi yon palman (depite ak senatè) k ap fòme Pouvwa lejislatif nan peyi a pou ane k ap vini yo.
Men ki sa k atire atansyon n nan dezyèm tou eleksyon sa a :
1. Pèp la pa t al vote an mas, jan l te fè sa jou ki 7 fevriye 2006 la. Anpil pawòl gen tan pale sou sa. Anpil analiz fèt. Selon sa n tande :
• Plizyè rezon genyen awè ak fason sitwayen ak sitwayèn yo wè Leta a ak enpòtans divès otorite yo.
• Rezon yo genyen rapò ak movèz eksperyans moun yo te fè nan ane ki sòt pase yo ak diferan palman ki te la yo, e ki pa t regle anpil bagay serye.
• Gen yon gwo kesyon mank konfyans ki vin enstale parapò ak politisyen e otorite Leta yo.
• Rezon yo genyen rapò ak yon tranzisyon ki dire twòp e ki fè tout moun fatige ; pati politik yo tou sanble pa gen souf ankò.
• Rezon yo genyen awè ak pakèt desepsyon KEP la te bay jou ki 7 fevriye 2006 la : toutan yo t ap ranvwaye jou eleksyon an, epi, lè l te fèt, moun yo te blije mache anpil, plis toujou, yo te fè yo tann plizyè èd tan, epi anyen pa t sanble prepare pou akeyi moun yo.
• Anpil peyizan ak ti kòmèsan te blije chwazi ant aktivite yo ki pèmèt yo viv ak yon vòt yo pa konnen ki sa l ap pote pou yo.
Men jou ki 7 fevriye a, popilasyon an te montre li kapab, depi l konnen epi kwè nan sa l ap defann.
2. Jou ki 21 avril 2006 la te diferan. Wi, KEP la te fè kèk jefò pou prepare jounen an pi byen. Nou fè l konpliman pou sa. BV yo te louvri alè. Te gen pi bon limyè. Pwosedi pou louvri BV yo te vin pi senp, yo pa t pran pakèt tan pou yo fèt. KEP la te mete plizyè ajan elektoral pou akeyi sitwayen ak sitwayèn yo nan sant vòt yo. Yo te vle bay rejis elektoral la plis enpòtans pou konbat magouy. Tout sa se pwogrè ki fèt pou òganize pi bon eleksyon.
3. Epoutan, pa t gen gwo chanjman nan sistèm eleksyon an menm. Si sistèm nan te fonksyone, eske pi gwo rezon an se pa paske moun yo pa t vin vote an mas ?
• Apa kèk kote, yo pa t revize lis elektoral yo. Plizyè non te toujou manke ladan l. Se nan dènye moman sèlman moun yo te kapab konsilte yo. Anpil temwayaj vin jwenn nou ki sòti nan tout peyi a e ki tonbe dakò sou pwen sa a : plizyè moun te vin gade, men yo te dekouraje lè yo pa t jwenn non yo, epi yo te retounen lakay yo.
• Nan Fondenèg, yo fè n konnen, anviwon 400 moun te toujou sou yon lòt lis, paske kat yo te fèt sou Ti Twou de Nip.
• Sistèm ijans pou ede sitwayen yo pa t fonksyone. Lavèy eleksyon, KEP la te bay 5 nimewo telefòn pou ede moun yo nan ka ijans. Bò 9 :30 nan maten, youn nan nimewo sa yo pa t ko fonksyone. Sa sete pou kapital la. E moun nan pwovens ?
• Nan yon sant vòt, lè yo fè KEP la konnen difikilte ki te genyen ak lis elektoral sa yo, yo reponn yo : « Pa okipe yo ».
• Sekrè vòt la pa t garanti pi plis pase nan eleksyon anvan an.
Chak moun ki pa t ka vote poutèt move oganizasyon eleksyon an, se yon vyolasyon dwa politik sitwayen sila a.
Laprès deja pale sou pi gwo iregilarite ki te genyen, epi obsèvatè ak temwayaj yo konfime yo. Konsa, te gen pwoblèm nan Site Solèy – Bildìn 2004, Gran Salin kote yon moun mouri, nan Liyankou (Verèt) ak sant Savanèt (Sant).
4. Nou poze tèt nou kesyon sou mega sant yo. Yon sant vòt mande bon òganizasyon, yon bèl espas ak yon bon jesyon.
• De (2) ou twa (3) BV nan yon sèl ti sal klas pa bay espas nesesè pou fè yon bon travay.
• Wit mil (8000) non moun (se sa 20 BV bay) ki afiche youn dèyè lòt sou yon bout mi pa pèmèt moun yo verifye fasilman nan ki BV pou y ale. Si lis yo pa t chanje depi 7 fevriye, pou ki sa yo t ap tann 2 jou anvan vòt 21 avril la pou yo afiche yo ?
Yon mega sant egzije plis moun pou ede sitwayen yo jwenn direksyon ; pa dwe gen fay nan lis elektoral yo ; jeran sant yo dwe gen kapasite pou kominike fasil ak otorite yo si yo pa gen dwa pran kèk desizyon yo menm.
Mega sant yo fè reyalite elektoral la vin pi lwen senp sitwayen an. Dwe gen pi bon motivasyon ak pi bon akèy. Si enpòtans eleksyon an pa vin pi klè, epi si gen kèk move eksperyans, li kab dekouraje moun pi fasil.
5. Plizyè kote genyen zak magouy ki t ap fèt ; kèk moun eseye vote plizyè fwa. An jeneral reskonsab yo fè sa yo te dwe fè. Sa boulvèse n anpil lè n tande genyen kandida menm ki mele nan magouy, nan zak vyolans ak mank tolerans. Men kèk egzanp yo te fè n konnen :
• Nan Depatman Nò, Akil di Nò – Labriyè : yon kandida òganize yon atak kont yon lòt kandida ki t ap mennen moun nan machin pou al vote.
• Nan depatman Sid : Aken – Ti Koma : yon kandida antre nan divès BV pou fè dezòd.
• Nan Gonayiv, te gen gwo rafal zam nan nwit anvan eleksyon an ; epi yon machann mouri ak bal nan maten an.
• Nan Liyankou (Verèt) ak plizyè lòt kote, patizan Latibonit Annaksyon t ap fè gwo presyon sou votan yo.
• Nan Pòtapiman (sant Giyòm), sipèvizè sant la te blije kanpe vòt la poutèt magouy manm BV yo. Patizan kandida OPL la bat li ak kwòs fizi ak baton. Yon kandida majistra te ansanm ak yo. Sipèvizè sa a blije mawon apre ensidan an.
• Plizyè kote patizan kandida yo te vle plen bwat yo. Kèk kote yo fè presyon sou votan yo (tankou Jakmèl nan ekòl nasyonal Kalimèt) ; kèk kote yo te gen zam (tankou Okay – Tòbèk).
• Savanèt nan Plato Santral, lese frape ant kandida Konba ak OPL fè yo anile eleksyon an.
Nou andwa mande : ki reskonsablite pati politik yo ak kandida yo anvè manm yo ak kandida yo ? Ki enpòtans yo bay pwòp angajman yo te pran yo pou fè eleksyon kòrèk ? Ki sa kandida sa yo ap defann si yo ta rive genyen eleksyon an ?
6. Fòmasyon moun ak motivasyon moun sou wòl enstitisyon demokratik nan peyi a toujou manke. Okenn enstans pa t fè jefò pou ede popilasyon an konprann pi byen enpòtans eleksyon 21 avril 2006 yo. Nan sans sa a, nou regrèt okazyon sa a ki pèdi pou pèmèt demokrasi pran plis rasin nan kilti politik peyi a. An menm tan, nou tande pakèt lajan ki depanse pou fòmasyon ak edikasyon sivik te kapab fèt.
7. Kèk konklizyon ak rekòmandasyon :
a. Menm si gen pwogrè ki te fèt nan jan eleksyon an te prepare, nou pa t wè chanjman ki touche nannan òganizasyon an, ki se lis elektoral yo pou chak BV.
b. Nou regrèt yon chans ki pèdi pou fè popilasyon an patisipe pi plis pou konstwi enstitisyon demokratik nan peyi a.
c. Megasant yo pa efikas ditou, yo pa pèmèt pi gwo patisipasyon popilasyon an. KEP la dwe fikse konbyen BV ki kapab genyen anndan yon sèl sant.
d. Lè n wè difikilte reyèl moun ki pa konn li ak ekri yo genyen pou kab patisipe nan eleksyon, nou mande KEP la ankò yon fwa pou l konsidere ka yo anvan nou antre nan eleksyon pou kolektivite teritoryal yo.
e. KEP dwe pran sanksyon kont tout kandida sa yo ki mele yon fason dirèk nan magouy, dezòd ak presyon.
Pou Komite Direktè Nasyonal la.
La Commission Episcopale Nationale Justice et Paix salue le peuple Haïtien et en particulier tous ceux et celles qui ont participé au scrutin du 21 avril 2006 afin d’élire un parlement (députés et sénateurs) qui formeront le Pouvoir exécutif pendant les années à venir.
Voici ce qui attire notre attention lors de ce deuxième tour des législatives :
1. Le peuple n’est pas allé en masse aux urnes, comme cela s’était fait le 7 février 2006. Beaucoup de commentaires ont été faits pour expliquer le pourquoi.
• Les raisons ont certes à voir avec la façon que les citoyens et citoyennes perçoivent l’Etat et ses représentants.
• D’autres raisons ont à voir avec la mauvaise expérience vécue avec les législatures précédentes qui finalement n’ont pas réalisées grande chose.
• Certaines paroles font état d’une transition qui continue à perdurer ; tout le monde en est bien fatigué et les parties politiques sont sans souffle.
• Le CEP aussi est cause de déceptions par le renvoi répété des dates, la mauvaise organisation et les longues heures d’attente du 7 février, quand rien ne semblait être préparé pour accueillir les votants.
• Les paysans et les marchandes ont été obligés de choisir entre leur activité et un vote incertain.
Mais le 7 février 2006, la population a démontré sa capacité de réaliser ce qu’il considère comme important.
2. Le 21 avril était différent. Oui, le CEP a déployé des efforts pour une meilleure réalisation du scrutin. Nous le présentons nos compliments. Les activités ont débuté a temps ; les infrastructures étaient meilleures ; les procédures pour commencer la journée étaient simplifiées. On avait prévu du personnel pour accueillir les votants dans les centres. Le registre électoral a pris plus d’importance pour contrer la fraude. Tout cela sont des pas importants pour un meilleur déroulement du scrutin.
3. Mais nous n’avons pas remarqué de gros changements dans le système électoral même. Si la machine a mieux fonctionné le 21 avril, est-ce que la plus grande raison ne serait pas la faible participation des électeurs ?
• Les listes électorales n’ont pas été révisées et corrigées. Des noms manquaient. Les listes ont été affichées seulement les derniers jours. Des témoignages concordants nous sont parvenus d’à travers le pays : plusieurs votants se sentaient découragés quand ils ne retrouvaient leurs noms et se sont abstenus de voter.
• A Fonds des Nègres, on nous signale que près de 400 personnes se trouvaient toujours sur d’autres listes, parce que leurs cartes étaient registrées à Trou de Nippes.
• Le système pour assister les citoyens et citoyennes n’a pas fonctionné. La veille des élections, le CEP a communiqué 5 numéros de téléphones pour signaler les urgences. Vers 9 :30 du matin, aucun de ces numéros n’était en service. Cela concernait la capitale. Et les provinces ?
• Dans un centre de vote, quand un responsable signalait au CEP les difficultés rencontrées avec les listes du registre électoral, on faisait savoir : « Ne vous en souciez pas ».
• La garantie du secret de vote n’avait pas fait de progrès.
Chaque citoyen qui est dans l’impossibilité de voter à cause de la mauvaise organisation du scrutin est victime d’une violation de ces droits politiques.
La presse a déjà signalé un nombre des irrégularités graves, confirmées par nos observateurs et des témoignages. Citons comme exemples : Cite Soleil, building 2004 ; Grande Saline ou il y a eu une victime mortelle ; et Liancourt (Verrettes).
4. Nous soulevons la question des méga centres. Un centre de vote demande une bonne organisation, une espace suffisante et une bonne gestion.
• Quand il faut installer 2 ou 3 bureaux de vote dans une petite salle de classe, alors on manque de l’espace pour un bon déroulement du scrutin.
• 8.000 noms pour un ensemble de 20 bureaux, affichés l’un après l’autre sur un bout de mur ne permet pas aux citoyens et citoyennes de vérifier facilement leurs bureaux de vote. Si les listes n’avaient pas été corrigées après le 7 février, on se demande : pourquoi attendre jusqu’à 2 jours avant le nouveau scrutin pour les afficher ?
Un méga centre exige plus de personnel pour sa bonne gestion et pour assister les votants ; il ne faut pas d’erreur dans les listes électorales ; les gérants ou responsables doivent disposer d’un moyen de communication adéquat pour communiquer avec leurs autorités hiérarchiques, s’il ne sont pas en mesure de prendre certaines décisions.
Le méga centre éloigne le bureau de vote du votant ordinaire. Il faut davantage de motivation et un bon accueil. Si l’enjeu des élections manque clarté, s’il y a de mauvaises expériences, il encourage l’abstention.
5. En plusieurs endroits il y a des tentatives ou des actes de fraude ; des gens ont essayé de voter plusieurs fois. Nous nous sentons troublés par les témoignages qui font état des candidats aux postes électifs qui s’impliquent dans des actes de fraude, dans la violence et l’intolérance. Voici quelques exemples :
• Dans le Nord à Acul du Nord – centre de Labrière, un candidat a organisé une attaque contre son rival qui transportait des votants.
• Dans le Sud à Aquin, un candidat est entré dans plusieurs bureaux pour intimider les gens.
• A Gonaives, des rafales d’armes ont été entendues la nuit avant les élections pour intimider les gens ; une marchande est morte par balles.
• A Liancourt (Verrettes) et dans d’autres endroits, l’Artibonite en Action exerçait des pressions sur les votants.
• A Port à Piment (centre Guillaume), le superviseur a arrêté les opérations quand il constatait qu’il y avait fraude de la part des membres des BV. Des partisans de l’OPL l’ont tabassé avec coups de crosse de fusil et bâton. Dès lors il s’est vu obligé de prendre le maquis.
• En plusieurs endroits des partisans des candidats ont tenté de bourrer des urnes. En certains endroits, ils ont fait des menaces sur les votants (comme dans le Sud Est, école nationale de Calumet), quelques fois avec des armes (comme dans le Sud à Torbeck).
• A Savanette (département Centre), les interventions des partisans de Kombat et OPL ont fait annuler les élections.
On est en droit de se demander : Quel est la responsabilité des partis politiques et des candidats envers leurs membres, partisans et candidats ? Quelle importance donnent-ils à leurs propres engagements envers le processus électoral ? Qu’est ce qu’on peut espérer de ces candidats s’ils arriveraient à gagner les élections ?
6. La formation et la motivation citoyenne sur le rôle des institutions démocratiques ont manquée. Aucune instance ne s’est donnée la peine pour motiver sur l’importance des élections du 21 avril 2006. Dans ce sens, nous regrettons cette occasion manquée pour faire avancer les valeurs démocratiques dans la culture politique du pays. En même temps, le bruit court sur les montants importants dépensés pour l’éducation civique dans le pays …
7. Conclusions et recommandations :
a. Même s’il y a un certain progrès à observer dans la préparation technique des élections, le nœud de la question, les listes électorales, n’a pas été touché.
b. Nous regrettons cette occasion manquée pour permettre à la population de participer davantage à la construction des institutions démocratiques du pays.
c. Les méga centres ne prouvent pas leur efficacité. Ils ne permettent pas une plus grande participation populaire. Le CEP devrait fixer un maximum de BV qu’un centre de vote peut héberger.
d. Quand nous considérons les difficultés réelles des analphabètes pour participer au scrutin, nous réitérons notre demande au CEP de se pencher sur leur cas avant d’entrer dans les élections au niveau des collectivités territoriales.
e. Le CEP doit prendre des sanctions contre les candidats qui se mêlent directement dans des actes de fraude, de brigandage et d’intolérance.
Pour le Comité Directeur National,
Père Jean Hanssens, Directeur