Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè
Commission Episcopale Nationale Justice et Paix
Secrétariat national
BP 1572
Port-au-Prince Haïti 6110
Tel / Fax 222 78 99
justicepaixha@yahoo.com
jilap.national@forumcitoyen.org.ht
www.forumcitoyen.org.ht/jilap

Nòt pou Laprès

Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè reponn prezan pou obsèvasyon dezyèm tou eleksyon lejislatif yo ak plis pase 1100 obsèvatè e plis pase 200 komisyon lokal atravè peyi a.

Komisyon an di li pa konprann fason KEP la sanble mete obsèvatè nasyonal yo ak mandatè pati politik yo nan menm sak. Obsevatè nasyonal yo, se KEP la limenm ki akredite yo ak yon badj pou chak obsèvatè apa ; li pa dwe patizan parapò ak okenn nan kandida yo ki sòti nan diferan pati politik yo ; kantite obsèvatè sa yo deja tou limite. Mandatè pati politik yo menm, se pati politik yo ki voye yo ; yo reprezante yon pati politik pou veye si pa gen magouy k ap fèt ki ta nan dezanvantaj pati politik yo reprezante a. Konsa, nou pa konprann tout limit KEP la ap mete pou obsèvatè nasyonal yo kapab genyen aksè nan biwo vòt yo.

Komisyon an mande KEP la ankò yon fwa pou ta genyen plis transparans nan moman yo fè kontaj rezilta vòt yo ki soti nan diferan biwo ak sant yo. Li mande pou yo pibliye rezilta chak biwo vòt apa sou entènèt. Konsa, chak moun ki vle, kapab verifye si sant tabilasyon an enskri rapò BV yo yon fason kòrèk. Posiblite kontwòl sa a pa t la nan premye tou a.

Komisyon an mande pou KEP la peye tout sa l dwe moun ki t ap travay nan biwo vòt yo nan premye tou a pou pèmèt dezyèm tou a kapab fèt nan bon kondisyon. Se sa jistis la mande.

Komisyon ankouraje tout kandida yo ki nan dezyèm tou a pou yo respekte nèt Kòd Etik la pati politik yo te siyen depi anvan premye tou a ; epi pou yo refize tout vyolans nan langaj yo ak nan aksyon yo poze yo. Se pi gwo kontribisyon yo kapab bay pou mete sou pye demokrasi ak yon Leta dedwa nan peyi a.

Komisyon an repete divès pwopozisyon li gen tan fè nan lèt toulouvri li te voye bay KEP la nan dat 14 fevriye 2006. Yon fason espesyal Komisyon an te mande:
– pou yo konsidere ka moun ki pa konn li ak ekri yo pi byen;
– pou kominikasyon KEP la anndan aparèy elektoral la ni ak popilasyon an tou ta fèt yon fason ki pi klè;
– pou yo ta fè finalman edikasyon sivik la kòm sa dwa.

Pou Komite Direktè Nasyonal la.
11 avril 2006

Note de Presse

La Commission Episcopale Nationale Justice et Paix renouvelle sa détermination pour participer à l’observation de la journée électorale du 21 avril 2006, avec ses 1100 observateurs nationaux et plus de 200 commissions locales à travers le pays.

La Commission exprime son étonnement pour la façon que le CEP semble faire amalgame entre des observateurs électoraux nationaux et les mandataires des partis politiques. Les observateurs nationaux sont accrédités à titre personnel par le CEP lui-même ; ils doivent être par définition non partisan par rapport aux partis politiques et leur nombre est déjà réduit. Les mandataires des partis politiques, par contre, sont nommés simplement par les partis politiques comme leurs représentants pour observer la possibilité de fraude contre un parti politique en particulier; leur accréditation se fait globalement. Nous ne comprenons donc pas les restrictions imposées aux observateurs nationaux dans l’observation des opérations électorales quant à leur accès aux bureaux de vote.

La Commission insiste une nouvelle fois auprès du CEP sur une plus grande transparence dans le comptage des résultats. Elle insiste sur la publication des résultats de chaque bureau de vote sur l’internet. Ainsi, chacun qui veut le faire, peut vérifier que le procès-verbal de son bureau soit correctement enregistré par le centre de tabulation. Cette possibilité de vérification n’y était pas lors du premier tour.

La Commission demande au CEP de payer tous les arriérés dus au personnel des bureaux de vote, pour permettre le bon déroulement du deuxième tour. Ce n’est que justice.

La Commission exhorte tous les candidats en ballottage d’observer scrupuleusement le Code éthique convenu par les partis politiques depuis avant le premier tour et d’écarter toute violence dans leurs propos ou interventions. Ce sera leur plus grande contribution pour l’instauration de la démocratie et de l’Etat de droit dans le pays.

La Commission réitère les différentes propositions qu’elle a déjà formulées pour la tenue du deuxième tour, dans sa lettre ouverte au CEP en date du 14 février 2006. Surtout elle réitère sa demande
– que la réalité des citoyens qui ne savent pas lire et écrire soit mieux pris en compte;
– que la communication de CEP à l’intérieur de l’appareil électoral et avec l’ensemble de la population soit plus claire;
– que l’éducation civique soit finalement prise au sérieux.

Pour le Comite Directeur National
11 avril 2006

Pè Jan Hanssens, direktè