Commémoration du premier anniversaire du séisme du 12 janvier 2010

mardi 11 janvier 2011

C’est par une série d’activités étalées sur trois journées, les
10, 11 et 12 janvier 2011 que le GARR salue la mémoire des victimes du
séisme : exposition de photos, conférences débats, témoignages de
rescapés, espace d’expressions artistiques réservé aux enfants des
camps, visites sur un site universitaire affecté, pour une offrande
florale collective.

"Nous pa ka bliye 12 janvye, nou pa ka rete nan 12 janvye, an n mete men
pou n rebati peyi nou" (Nous ne pouvons pas oublier le 12 janvier, nous
ne devons pas nous éterniser dans le 12 janvier, mettons ensemble la
main à la pâte pour rebâtir notre pays). Tel est le thème retenu
pour ces activités de commémoration initiées le 10 janvier 2011 à
l’annexe du GARR à la 1ère ruelle Rivière, en présence de la
presse et plusieurs dizaines de personnes issues des différents camps
de la zone métropolitaine.

« Le 12 janvier 2010, Haïti a pleuré de nombreux fils et filles
issus-es de toutes les catégories sociales : pauvres, riches,
intellectuels/les, paysans/annes, professeurs/es, fonctionnaires de
l’Etat, marchands/es vodouisants/es, prêtres, pasteurs, artistes,
artisans/anes….Leur disparition a valeur de testament pour nous
encourager à changer notre façon de vivre », a déclaré Lisane
André, responsable de la Section Communication & Plaidoyer du GARR. «
Si nous avions appliqué la politique de décentralisation prônée par
la Constitution de 1987, la plupart de nos frères et sœurs ne se
seraient pas retrouvés-es à Port-au-Prince au moment de la
catastrophe. », a-t-elle poursuivi.

De son côté, le responsable de la Section Droits humains & Migration
du GARR, Patrick Camille, a déploré la façon dont les victimes
continuent de vivre, un an après la catastrophe. M. Camille a exhorté
les autorités du pays à mettre en place une politique de logements
sociaux au bénéfice de tous les Haïtiens/Haïtiennes notamment les
déplacés-es du tremblement de terre. En outre, il a appelé les
autorités à définir une politique de santé propre à éradiquer
l’épidémie de choléra susceptible de frapper les personnes
déplacées.« Les victimes du séisme ont droit au logement et à la
santé » a-t-il conclu.

Lors de cette première journée autour de la commémoration du premier
anniversaire du tremblement de terre, il revenait au président du
Conseil d’Administration du GARR, M. Serge Lamothe, de déclarer
ouverte l’exposition de photos à l’actif de Ron Haviv, un
photographe de renommée internationale qui avait saisi des images
saisissantes de la tragédie.

Peu de temps après l’ouverture de l’exposition, des visiteurs/euses
ont commencé à inscrire sur des espaces réservés à cet effet, des
pensées en souvenir d’êtres chers disparus dans la catastrophe.

Dans l’après-midi du 11 janvier, trois conférenciers ont entretenu
l’assistance sur les normes de construction, les causes et les
conséquences au niveau sociologique et culturel de la catastrophe du 12
janvier. De nombreuses questions liées au droit au logement et à la
reconstruction du pays ont été soulevées par l’assistance au moment
des débats.

L’exposition de photos qui s’est poursuivie aujourd’hui, sera
clôturée le 12 janvier dans l’après-midi. Dans la matinée, une
visite sera effectuée à l’Université de Port-au-Prince, très
endeuillée suite au séisme, en vue d’y déposer des offrandes
florales à la mémoire des victimes.

 

—————————————————————————————————————————————————–

Komemorasyon trajedi tranbleman tè 12 janvye 2010 la

12 janvye 2011, sa fè deja yon lane depi gwo tranbleman tè ki te frape
Ayiti a te touye anpil moun, kraze anpil kay, sa ki lakòz anpil
ayisyen/ayisyèn vin ap viv nan lari. Li pa nòmal pou yon lane apre,
peyi a pa lofri moun sa yo okenn posiblite pou yo soti anba moso
plastik, anba tant chire kote y ap viv, depi lè sa a anndan kan yo, pil
sou pil.

Nan memwa tout moun ki te peri nan trajedi 12 janvye 2010 la, nan non
tout sila yo ki soti estwopye, ki pèdi tout sa yo te posede, GARR lanse
yon apèl bay moun ki gen mayèt peyi a nan men yo, ak sila yo ki di yo
vle ede Ayiti, pou yo fè kesyon lojman pou deplase yo tounen premye
priyorite, paske se yon dwa fondamantal tout moun genyen pou yo jwenn
yon kote desan pou rete.

GARR ap fè solidarite ak moun nan tout kan ki anba menas yo, k ap sibi
presyon pou yo kite kan sa yo pou pita 12 janvye a, alòske yo pa konnen
ki kote yo prale. Li lanse yon rèl bay gouvènman an, pou prese prese,
li negosye ak pwopyetè teren yo pou yo pa mete moun yo deyò, detan
limenm l ap chache yon kote ki diy pou reloje deplase yo.

GARR ap atire atansyon tout moun sou fason yon seri kan alèkile ap
debòde ak moun paske gen lòt ki fèmen. Sa reprezante yon gwo danje
pou maladi gaye ak pou vyolans simaye. Li mande gouvènman an mete an
aplikasyon plizyè estrateji li te anonse nan mwa avril 2010 pou
koumanse solisyone pwoblèm lojman an, tankou bay moun ki kapab kredi
pou yo remonte kay yo, bay teren pou plante kay, ede moun yo monte
kowoperativ lojman, ede yo debleye espas ki ankonbre yo epi ba yo
materyo ak akonpayman teknik pou yo monte yon ti kay.

GARR ap pwofite sikonstans la pou denonse kondisyon lavi deplase yo ki
ap vin chak jou pi difisil nan kan yo. Malgre gen ti jefò ki fèt sou
kesyon lapwòptay apre epidemi kolera a fin deklanche, kesyon asenisman
an toujou rete yon tèt chaje. Gen kan kote twalèt yo pa netwaye
regilyèman oswa fòs ki te fouye yo pa deboure. Menm lè yo mete
poubèl kèk kote, sèvis ki reskonsab la pa vin retire yo regilyèman.
Deplase yo soufri grangou, yo pa gen travay. Pa gen pwogram espesyal pou
gwoup ki ekstrènman vilnerab yo e ki pa kapab al chache lavi poukont yo
tankou timoun yo, granmoun yo, andikape yo. Fanmi yo gaye nan plizyè
kan oswa anba plizyè tant e gen nan yo ki pèdi kontwòl timoun yo.
Sitiyasyon pwomiskuite, blakawout nan kan yo ogmante ensekirite ak
vyolans, espeysalman sou fanm ak tifi. Yo resanse anpil ka vyòl nan kan
yo epi kantite fanm ki tonbe ansent ogmante anpil, dapre tout
enfòmasyon k ap sikile. Nan kondisyon sa a, chay la vin pi lou sou do
fanm yo ki te déjà gen twòp reskonsablite sou do yo nan sosyete a pou
chache manje pou fanmi yo, okipe kay, ledikasyon, swen malad eksetera.
Ni Leta santral, ni komin yo pa antre jesyon kan yo anndan plan travay
yo ; yo pa chanje anyen nan metòd jesyon yo te gen lontan pou ta pran
an kont nouvo reyalite sa a. Alòske gen sèten kan ki gen plis moun k
ap viv ladan yo pase nan yon komin, lapolis pa prezan ni okenn lòt
sèvis Leta.

Yon lane apre tranbleman tè a, anpil moun ap viv sou chòk toujou. Kriz
kolera a e sitou kriz politik la lage yo nan plis dezolasyon paske yo pa
wè okenn chanjman. Sila yo ki te koumanse reprann fòs gen tandans
pèdi lespwa.

Nan okazyon premye anivèsè tranbleman tè , GARR lanse yon rèl bay
tout aktè politik yo pou fè jefò dyalòg, chache konsansis pou ede
peyi a soti nan kriz kote li plonje a, epi bay pèp la bon siyal k ap
ede l reprann konfyans nan peyi a. Nan non sila yo ki pati kite nou,
noumenm ki reskape, ki rete vivan, nou gen devwa pou n pran yon lòt
chimen pou n pa kite peyi a mouri.