sa fè egzateman 10 lane depi ansasen te touye Pè Tijan Pyè Lwi.
Pou fè sonje memwa Pè Tijan ak pou reveye otorite lajistis yo ki sanble ap dòmi, kèk òganizasyon mete tèt ansanm pou reyalize yon seri aktivite nan Pòtoprens ak nan pwovens.
Nou envite tout moun ki vle jistis pou Pè Ti Jan, tout moun ki panse li nesesè pou kenbe memwa li byen vivan, pou yo vin patisipe ak nou nan plizyè aktivite ki prevwa soti 28 jiyè pou rive 4 dawout 2008.
Men lis aktivite yo, ki kote e ki lè y ap fèt:
– 27 JIYE POU RIVE 30 OUT: EMISYON NAN RADYO SAVANET
– 30 JIYÈ : KONFERANS DEBA SOU AVNI PEYIZAN YO JOUNEN JODI A, NAN FAKILTE ETNOLOJI, A 3E APREMIDI
– 2 OUT : AKTIVITE KILTIREL NAN FOKAL, SOTI 4E APREMIDI POU RIVE 7E DISWA + MES AK VEYE PATRIYOTIK NAN SAVANÈT
– 3 OUT : MES NAN LEGLIZ MONTKAMÈL, BIZOTON A 8E NAN MATEN + NAN SAVANET, FINAL AKTIVITE ESPO AK JEN YO NAN MEMWA TI JAN + MACH PASIFIK PLIS ENSTALASYON YON BIS TI JAN NAN LISE KI POTE NON LI NAN SAVANET
– 4 OUT : MACH PASIFIK SOTI SEDEP, AVNI CHILI POTOPRENS A 9E MATEN POU RIVE DEVAN MINISTÈ LAJISTIS.
Pou komite k ap òganize aktivite yo:
FANMI PYÈ LWI, SEDEP, CHANDÈL, GARR, TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN, SAJ/VEYE YO, JEK, WOZO(Rezo Oganizasyon zòn Lwès) ak lòt ankò.
Pou Komite a,
Jacques Pierre-Louis Léronel Mortimé
Pou fanmi an Pou òganizasyon yo
3555-2967 3728-7952
_______________________________________________
comgarr mailing list
comgarr@garr-haiti.org
http://garr-haiti.org/mailman/listinfo/comgarr_garr-haiti.org