A l’occasion de la fête de Noël, la Commission Justice et Paix a présenté à la presse les dossiers de 34 détenus en détention prolongée.
La Commission a fait de nombreuses interventions aupres des autorites judiciaires pour faire avancer ces dossiers. Mais avec peu de succes.
Aujourd’hui, la Commission fait appel a la presse pour l’aider à dénoncer les négligences et le non fonctionnement du système judiciaire.
Ces cas ne sont que des exemples qui démontrent comment des citoyens sont traités dans le pays au niveau de la justice.
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè
Commission Episcopale Nationale Justice et Paix
Secrétariat national
BP 1572
Port-au-Prince Haïti 6110
Tel / Fax 222 7899
www.forumcitoyen.org.ht/ji
Pòtoprens, 23 desanm 2008
Konferans pou laprès
Nan okazyon fèt Nwèl 2008 la, Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè, vle atire atansyon otorite yo ak tout sektè nan lavi nasyonal la, sou sitiyasyon difisil plizyè moun ap viv anndan sant detansyon yo nan peyi d Ayiti.
Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè ap travay pou akonpaye moun ki viktim detansyon pwolonje. Jodi a, Komisyon an ap denonse kèk dosye ak vyolasyon dwa moun ki fèmen anndan prizon.
1. Nou genyen dosye yon jèn gason ki rele Erick St Hilaire, 23 lane. Manm Lapolis nasyonal la te vin arete l nan biznis li genyen nan Pòtoprens, zòn Nazon, ak yon fo manda, yo di ki te ekri nan Leyogàn, nan dat 24 jiyè 2008.
Nou di sete yon fo manda, paske ankèt nou mennen nan tribinal sou manda sila a, montre li pa egziste nan okenn rejis tribinal la. Lòt bagay ki parèt dwòl nan dosye sila a, malgre rechèch nou fè nan Pakè a ak nan lapolis pa t gen okenn dosye konsènan arestasyon sa a. Sèlman nan grèf Penitansye nasyonal la nou jwenn se Komisè Rodriguez ki fè depo pou Erick St Hilaire, sou lòd Klody Gasan. Lè n chèche konnen pou ki rezon sa fèt, nou aprann se yon kesyon zanmitay ak pwoteksyon kamarad k ap regle.
N ap mande: Eske Lajistis se yon bagay zanmitay, kote yo kapab arete w e pèdi w nan prizon san pa gen okenn dosye, ak pou rezon ki pa klè ?
Malgre nou ekri Komisè an chèf pakè a, Me Joseph Manès Louis, pa gen okenn reskonsablite ki pran sou dosye sila a.
2. Nou genyen dosye Jean Victor François, yon ti granmoun Akayè (zòn Mate, 6yèm seksyon). Lapolis nasyonal la arete l nan dat 18 oktòb 2004, bò 11 zè nan aswè, san okenn manda, epi pa t genyen flagrans, sou akizasyon (yo di) li te eseye retire lavi yon moun ki rele Ostame Orestil. Nan mwa desanm 2008 sa a, sa fè 50 mwa depi l nan penitansye a. Jij ki sou dosye l la te bay lòd plizyè fwa pou yo lage l nan prizon, me, jiska prezan li toujou fèmen anndan. N ap mande ki sa ki anpeche pou yo libere l?
3. Nou gen ka Mackenson Fleuranvil, ki fèmen anndan prizon depi 19 jiyè 2008. Yo akize l pou vwadfè, oswa yon lè yo di: se pou asosyasyon malfektè, oswa pou kidnapin. Enfraksyon an (sa yo repwoche l) pa janm klarifye, konsa, yo pa janm kab di pou ki kòz li la. Jij entriksyon Kwadèboukè a ki sou dosye sila a, deklare li voye dosye a nan pakè depi 2 mwa pou konklizyon final. Men, pa gen okenn swivi ki fèt pou fè dosye a vanse. N ap mande ki sa ki anpeche dosye sila a vanse?
4. Nou gen ka Antoine Essemond. Lapolis nasyonal arete l nan dat 8 mas 2005, nan ri Klèvo, Petyonvil, pou asosyasyon malfektè. Dosye l pa janm fin konplè, sanble menm kèk pyès pèdi ladan l. Jij enstriksyon an fè yon òdonans sòti depi nan lane 2006, men, pandan 5 fwa pakè a pa t vle resevwa dosye a pou konklizyon final la (sa yo rele réquisitoire définitif). Apre entèvansyon Komisyon Jilap, pakè a te resevwa dosye a. Menm jij enstriksyon an ki sou dosye sa a, di konsa : mesye sa a pase plis tan nan prizon pase sa li ta dwe jwenn, si yo ta rekonèt li koupab. Epoutan, jis kounye a, li toujou fèmen anndan prizon an.
5. Pou fini, n ap kontinye ap denonse dosye 30 moun ki fèmen nan prizon pami yon pakèt lòt ka Komisyon an ap travay sou yo. Se moun ki antre nan prizon depi nan lane 2004, 2005, 2006, 2007 ak 2008. Moun sa yo pokò kapab janm prezante devan yon jij. Epi, sa k pi grav toujou, yo pa menm konnen ki kote oubyen nan men ki jij enstriksyon dosye yo ye.
Pandan Komisyon Jistis ak Lapè ap fè sonje libète moun se yon bagay sakre, ki soti nan Bondye Lavi a, Leta pa dwe jwe ak libète moun.
Leta gen pou obligasyon lè yo arete yon moun pou yo jije l nan delè lalwa prevwa, jan manman lwa peyi a mande sa, ansanm ak tout konvansyon peyi d Ayiti siyen nan domèn sa.
Komisyon an ap fè sonje : gen 34 moun (pami anpil lòt toujou) ki pa p fete Nwèl ane sa a lakay yo, lè nou sonje Nwèl se fèt pataj ak lanmou.
Pou tout rezon sa yo Komisyon denonse diferan ka sa yo.
Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè pa mande favè ni gras, men li fè sonje se lajistis ki dwe reponn ak obligasyon l, jan lalwa mande sa.
Nou remèsye tout moun epi nou di yo bòn fèt Nwèl ak yon bon Ane 2009 nan non Bondye renmen an. Mèsi.
Pou sèvis jiridik la
P. Jan Hanssens, dir