SOS sou sitiyasyon brasewòs ayisyen ki nan zòn Sid peyi Dominikani

Yon pati nan bilten #1 ki soti nan Sant Travay Sosyal Dominiko-Ayisyen nan Barawona

16 janvye 2008

Zafra a kòmanse ak 2 mwa reta akoz move eta wout yo apre pasaj tanpèt twopikal Nwèl ak Olga nan mwa novanm ak desanm 2007 ki sot pase la a.

Se 26 desanm 2007 la, izin Barawona (Consorcio Azucarero Central) ki tabli nan sid Dominikani louvri zafra ak 736 pikadòl (brasewòs) swa yon ogmantasyon 2 fwa plis brasewòs pase lane pase.

Brasewòs yo te rive travèse fwontyè a pou rantre nan peyi Dominikani pa gwoup 40, jiska 100 moun fasil fasil depi nan finisman mwa novanm nan. Se oubyen yon bouskonn osinon yon pasè izin nan kontakte, ki mennen yo. Majorite brasewòs yo pase nan zòn Pedènal, zòn Agwakate, yon ti bouk ki bay sou Neyiba. Plizyè nan brasewòs yo rive byen mal paske yo pase anpil move chimen pou vin chwe nan balekonn (depo kote yo gade travayè yo). Travayè brasewòs ayisyen sa yo k ap viv tankou zannimo ki vini nan pak, pa genyen yon ti kabann pou yo dòmi, se sou yon zo fè yo kouche, san dlo pwòp pou yo bwè ak benyen; pa gen latrin se nan chan kann yo ale fè bezwen yo, salte melanje ak marengwen plis malpwòpte, move lodè anvayi balekon yo.

Tout pakèt bann brasewòs sa yo, pil sou pil nan yon ti pyès kay. Plizyè nan yo, se sou moso katon ak nan siman y ap dòmi leve. Brasewòs yo travay chak jou, menm dimanch ladan. Yo soti vè 3zè dimaten pou yo rantre vè 6zè nan aswè; yo touche 45 peso pou yon tòn kann. Apre kenzèn nan bout se 300 peso yo resevwa e gen nan yo ki pa resevwa pafwa menm yon peso. Yo travay pou gonfle pòch boujwa dominiken. Yo pa kapab revandike paske yo san papye, yo san sekou kont fòm esklavaj sa a ki domine tout batey yo.

Pou lane 2007 ki sot pase la a, izin Barawona (Concorcio Azucarero Central) pwodui plis pase 55,000 tòn sik e se premye fwa yo anrejistre yon gwo rezilta konsa nan sid Dominikani. Gwo pwodiksyon sik sa a rive fèt ak 40% fòs kouraj travayè brasewòs ayisyen yo e valè lajan izin Barawona rantre pou yon sèl zafra nan lane 2007 la, monte plis pase 20 milyon dola vèt, alòske depans yo fè pou tout zafra a pa depase yon milyon dola.

Gwo konpayi sa a se peze-souse l ap peze-souse san ak kouraj frè brasewòs ayisyen nou yo. Sant Travay Sosyal Dominiko-ayisyen (CETRASODOH) ap mande sekou pou brasewòs ayisyen.

Bilten nimewo 1
Janvye 2008
Sant Travay Sosyal Dominiko-ayisyen (CETRASODOH)

Komite Santral
Elysée Marc Harry
Direktè Egzekitif
Madame Lourdes Mendez Guerrero
Fanm Batey
Rév. Père Emmanuel Louis/CICM
Manm Konsèy/ Konsiltan

Pou otantifikasyon :
Lisane André
Seksyon Kominikasyon ak Pledwaye
GARR
16/1/08