Adhérents
devenez adhérent
Recherche

Plateforme des Organisations Haïtiennes des Droits Humains

31/07/2009

 

Dwa pou chak Ayisyen jwenn manje, se yon dwa fondamantal

Leta pran reskonsabilite w



Pòtoprens, 17 juillet 2009
Position de la Plateforme des Organisations Haïtiennes des Droits Humains


Dwa pou moun manje, se dwa tout moun genyen pou yo jwenn kantite manje ki nesesè e ki gen kalite pou kò yo yon fason pou yo kapab rete ansante. Dwa sa a ki se youn nan Dwa Ekonomik Sosyal ak Kiltirèl yo (DESK), Konstitisyon peyi Dayiti garanti li nan atik 22 a. Malgre manman lwa peyi a rekonèt epi garanti dwa sa a, sa pa anpeche pifò moun nan popilasyon an pa jwenn kantite manje pou yo manje, sa ki rann sante yo vin pi frajil chak jou, epi nan kèk kote nan peyi a moun ap mouri anba grangou.

Sa fè plizyè lane depi peyi Dayiti pèdi dwa granmoun li nan zafè pwodiksyon ak konsomasyon. Sitiyasyon sa a vin pi konplike toujou ak aplikasyon plan neyoliberal la ak politik baryè lib ki kraze pwodiksyon nasyonal la epi ki ouvè vant peyi a bay pwodwi k ap sòti nan peyi etranje e ki jwenn gwo bourad lajan, teknik ak enfrastrikti nan men Leta yo. Rezilta a, preske 3 milyon moun nan peyi a menase ak grangou. Se tout bagay sa yo tou ki te fè kòlè popilasyon an monte l, e sa te lakòz li pran lari nan mwa avril 2008 pou manifeste mekontantman l. Pandan menm lane 2008 sa a, plizyè timoun nan Bèdoranj, yon lokalite nan depatman Sidès, pèdi lavi yo poutèt yo pa jwenn manje. Devan yon sitiyasyon konsa, Platfòm òganizasyon Ayisyen k ap de fann Dwa Moun yo (POHDH) te wè nesesite pou òganize ansanm ak patnè l yo, tankou : KSM, PFNSA, PAPDA, MODEP, KPL ak patisipasyon CNSA ki se yon enstitisyon leta, nan dat 8 pou rive 9 jiyè, yon atelye refleksyon sou dwa alimantasyon (dwa pou moun jwenn manje pou yo manje).

Brase lide nou te fè

Brase lide sa a ki te òganize pandan 2 jounen sa yo te chita sou dwa alimantasyon nan tout kouti li. Sa vle di kijan Konstitisyon an ansanm ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun epi Pak sou Dwa Ekonomik Sosyal ak Kiltirèl yo prezante l kòm dwa tout moun genyen ansanm ak reskonsablite leta sou kesyon sa a. Anmenm tan, li te pèmèt patisipan yo gade diferans ki genyen ant konsèp sekirite alimantè ak souverènte alimantè a. Refleksyon sa a te pèmèt yo gade tou, kiyès ki gen kontwòl manje nan peyi d Ayiti e nan ki objektif. Sa ki te pèmèt yo kesyone pozisyon ak aksyon leta ayisyen ansanm ak kominote entènasyonal la parapò ak kesyon sa a.

Konsta òganizasyon yo ki te patisipe nan seminè a

Oganizasyon ki te patisipe nan seminè a pandan 2 jou sa yo fè plizyè konsta. Pami konsta sa yo nou kapab site :

• Pa gen okenn politik Leta pou peyi a pwodwi epi pèmèt popilasyon an gen aksè ak manje ki se yon dwa fondamantal tout moun ;
• Depi plis pase 20 lane, leta Ayisyen pa envèsti nan kesyon agrikilti ki se prensipal sous alimantasyon nan peyi d Ayiti epi ki garanti dwa granmoun nan kesyon lamanjay;
• 55% pwodwi ayisyen itilize pou manje sòti lòt bò dlo ;
• Kalite manje ki sot lòt bò dlo moun ap manje bay tèt chaje lè nou gade kalite manje a (pwodiksyon OGM) move kondisyon transpò pwodwi yo ap fèt, estokaj epi jan y ap vann nan mache piblik yo
• 2.5 milyon moun nan popilasyon an nan sitiyasyon ensekirite alimantè ;
• 4.5 milyon moun nan popilasyon an nan risk pou tonbe nan sitiyasyon ensekirite alimantè ;
• Enstitisyon leta yo pa jwe wòl ak fonksyon yo kòmsadwa;
• Jan pèp la te abitye manje chanje anpil e se gwo antrepriz agwo biznis k ap kontwole zafè manje a ;
• Anviwònman peyi a ap degrade chak jou pi plis, se sèlman 2% teritwa peyi a ki gen pye bwa sou li. Sa ki menase egzistans ak souverènte nou kòm pèp ;
• Sitiyasyon degradasyon anviwònman an gen gwo konsekans sou sitiyasyon alimantè peyi a ap viv jounen jodi a.

Pozisyon tout òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a :

Pou frennen pwoblèm grangou k ap ravaje peyi a, òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a, kwè fòk genyen mezi ki pran prese prese tankou:
Rekòmandasyon pou leta :
• Pou Leta Ayisyen ratifye Pak Entènasyonal sou Dwa Ekonomik Sosyal ak Kiltirèl yo (PIDESC);
• Pou Leta respekte atik 22 konstitisyon an ki oblije l garanti dwa pou tout moun jwenn manje;
• Pou Leta kore epi ede sektè agrikòl la devlope, nan reyalize bon jan refòm agrè, konstwi bon jan enfrastrikti agrikòl (wout, estrikti, estokaj) nan mete kanpe bon jan magazen ak bank agrikòl ak tout lòt estrikti ki nesesè, yon fason pou ranfòse pwodiksyon nasyonal la ;
• Pou Leta mete 30% nan bidjè nasyonal la pou finanse sektè agrikòl (agrikilti, elevaj, lapèch) yon fason pou nou reprann dwa granmoun nou nan zafè lamanjay
• Pou Leta mete yon sistèm sekirite sosyal pou tout moun ;
• Pou Leta mete travay nan milye riral ak zòn ki pi pòv yo nan envesti anpil nan sektè agrikòl la ki se pi gwo sektè ki ka kreye travay dirab nan peyi a;
• Pou Leta adopte politik ki makònen ak enterè popilasyon an sitou nan sa ki gen pou wè ak sitiyasyon ekonomik ak sosyal;
• Pou Leta sèvi ak enstitisyon l yo kòm zouti transfòmasyon sosyal ;
• Pou Leta kontwole fason pwodwi pou moun manje ap transpòte epi vann nan peyi a yon fason pou evite maladi tout kalte gaye nan peyi a ;
• Pou Leta Ayisyen koupe fache ak plan neyoliberal la sitou ak akò baryè lib tankou APE (Akò Patenarya Ekonomik) oubyen negosyasyon k ap fèt nan òganizasyon Mondyal Komès (OMK) ;
• Pou Leta Ayisyen pran mezi pou ogmante tarif dwanye, mwayen sou pwodwi agrikòl ak alimantè yo sòti 2.9% pou rive pou pi piti 35%.

Rekòmandasyon sosyal yo

• Pou òganizasyon sosyete sivil yo fè solidarite ak klas peyizan yo ansanm ak klas ouvriye yo, ki se prensipal viktim ensekirite alimantè nan peyi a nan konstwi bon jan plan batay ak mobilizasyon pou fòse Leta pran reskonsablite l.
• Mete kanpe zouti presyon (kowalisyon, regwoupman ak lòt) ki kapab ranfòse kapasite presyon yo nan sans pou chanje politik piblik yo nan sa ki gen pou wè ak Dwa Ekonomik Sosyal ak kiltirèl yo ;
• Batay pou enpoze konsèp « souverènte alimantè » a ki kapab pèmèt peyi a reprann dwa granmoun li nan zafè manje

Men Òganizasyon ki siyen Deklarasyon sa a:

1. Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH)
2. Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè (JILAP)
3. Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)
4. Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun (RNDDH)
5. Platfòm Ayisyèn k ap Plede pou yon Develòpman Altènatif (PAPDA)
6. Pwogram Altènatif pou yon lòt kalite Jistis (PAJ)
7. Komite Santral Menonit Ayiti (KSM)
8. Gwoup Asistans Jiridik (GAJ)
9. Sant Karl Lévêque (SKL)
10.Gwoup Ayisyen pou Rechèch ak Aksyon Pedagojik (GHRAP)

Pou otantifikasyon,

Antonal MORTIME
Sekretè Egzekitif POHDH





Partager