Adhérents
devenez adhérent
Recherche

GARR

04/03/2008

RFJS
Rezo Fwontalyè Jano Siksè

8 mas 2008: FANM SOU FWONTYÈ A MANDE LETA LEVE PYE L
POU YO KA JWENN YON LAVI MIYÒ


Nòt pou laprès, 4 mas 2008

Nan lokazyon Jounen Entènasyonal Fanm yo, Rezo Fwontalyè Jano Siksè(RFJS) ak Gwoup pou Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) vle atire atansyon otorite yo sou sitiyasyon grav fanm k ap viv sou fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn yo ap travèse akòz Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo ki pa respekte.

Lamizè ap depafini Fanm yo sou fwontyè a. Pa gen travay pou yo. Se nan ti komès y ap degaje yo oubyen yo blije travèse fwontyè a pou al chache ti travay kòm domestik lakay vwazen, oswa yo eseye pati kite peyi a nèt nan nenpòt ki kondisyon. Sa lakòz anpil fwa yo viktim Trafik ak Trèt, kadejak, ak lòt vyolans. Lè gen travay nan wout yo, tankou netwaye kanal ak Rivyè, yo pa benefisye. FANM SOU FWONTYÈ A MANDE TRAVAY! YO REKLAME POU NAN TOUT CHANTYE LETA LOUVRI, GEN YON POUSANTAY FANM YO ANBOCHE.

Sou fwontyè a, se sitou komès fanm yo fè pou viv. Men, pou fè komès la, yo pa jwenn okenn estrikti ni enfrastrikti Leta. Yo pa gen wout kote pou yo transpòte pwodui yo, pa gen bon jan mache byen kouvri pou yo vann ak pou achte. Alèkile, se sitou an Repiblik Dominikèn pi fò fanm sou fwontyè a travèse pou y al achte oswa vann, detan mache sou bò Ayiti yo ap deperi. Lè yo janbe lòt bò a, depi nan papòt la, yo anba gwo imilyasyon, anba dechèpiyaj yon seri gwoup ki òganize yo ak konplisite otorite dominikèn yo, pou fè yo peye sa yo pa posede. Chak jou, anpil fanm k ap vann nan mache sou fwontyè a pèdi kòb ak machandiz gwoup dechèpiyè sa yo sezi oubyen jete pou yo. NOU MANDE LETA AYISYEN KONSTWI MACHE SOU FWONTYÈ A POU FANM YO FÈ KOMÈS NAN DIYITE. NOU MANDE POU MINIS ENTERYÈ A, Paul Antoine Bien-Aimé, KENBE PWOMÈS LI TE FÈ POU KONSTWI MACHE ANSAPIT LA, PASKE LI TE DEJA ANONSE LAJAN AN DISPONIB. NOU MANDE PLIS KONTWÒL BÒ KOTE AYITI POU FO TAKS Y AP PLEDE FÈ MACHANN YO PEYE SISPANN! NOU MANDE PREZANS OTORITE YO POU ENJISTIS Y AP FÈ MACHANN YO NAN SEZI SAN REZON MACHANDIZ YO FINI!

Nan domèn lasante, se yon lòt kalamite pou Medam yo nan fwontyè a. Fanm sa yo pa ka jwenn bon sèvis sante lè yo malad, lè y ap pote yon pitit ak lè pou yo akouche. Ou ka konte sou dwèt ou konbyen sant sante ki genyen sou tout liy fwontyè a. Kèk grenn kote ki genyen, yo pa menm mache byen, oswa yo fèmen, tankou nan Fonvèrèt, yon komin ki gen plis pase 45 000 moun, gen yon sèl sant sante nan bouk la ki ouvè yon lè konsa. Lòt sant sante a ki nan Forèdèpen fèmen depi plizyè lane,paske pa gen anplwaye pou fè li fonksyone. Sitiyasyon an grav pou fanm fwontyè yo lè y ap pote yon timoun, pa gen doktè, ni enfimyè ki pou swiv yo, se sou chans yo ye. Kèk fwa, se an Repiblik Dominikèn, nan tanpri souple, yo blije al suiv gwosès la, oswa y al akouche. Eske pwogram swen gratis pou fanm ansent ak pou fanm k ap akouche Ministè Sante Piblik fèk anonse a, ap rive nan fwontyè a tou? NOU MANDE SWEN SANTE GRATIS POU TOUT FANM ANSENT AK FANM K AP AKOUCHE NAN ZÒN FWONTYÈ A!

Nan fwontyè a, zafè lekòl la se yon gwo chay sou do fanm yo, sitou sila yo k ap leve timoun poukont yo, san papa yo pa ede yo. Akòz fanm yo pa ka jwenn lajan pou peye ekolaj, anpil timoun pa ale lekòl. Leta pa mete ase lekòl piblik pou yo. Gen timoun ki blije janbe an Repiblik Dominikèn pou al pran moso ledikasyon nan yon lang yo pa menm konnen byen ak yon kilti ki pa kilti pa yo. NOU MANDE LEKOL PRIMÈ GRATIS NAN TOUT SEKSYON KOMINAL KI SOU FWONTYE A. NOU MANDE LEKÒL METYE POU JENN FI AK JEN GASON KOUMANSE CHACHE FÈ AVNI YO NAN PEYI A OLYE SE SÈLMAN SOU REPIBLIK DOMINIKÈN POU Y AP METE LESPWA!

Nan fwontyè a, espesyalman nan Bèladè, tanzantan ensekite a ap frape popilasyon an. Lè konsa, fanm yo ak tifi yo se premye viktim. Nou denonse kadejakè k ap plede vyole tifi nan komin Bèladè. Nou mande jij yo, lapolis, komisè gouvènman Mibalè a, pran reskonsablite nou, sispann sitire kadejakè sa yo nan komin Bèladè k ap fè zak vyolans sou tifi yo. Sispann sitire nèg ak zam k ap mete panik nan zòn nan tanzantan. Nou bezwen lapè, nou bezwen sekirite pou pitit nou yo. NOU MANDE JISTIS POU TOUT TIFI KI VIKTIM YO NAN BÈLADÈ AK NAN LÒT KOMIN SOU FWONTYÈ A. NOU MANDE PREZANS LAPOLIS TOUPATOU, ESPESYALMAN NAN FONVÈRÈT, KOTE DEPI DESANM 2003, PA JANM GEN YON POLISYE.

Devan sitiyasyon difísil fanm ayisyèn yo ap viv sou fwontyè a, kote okenn dwa ekonimik, sosyal, kiltirèl yo pa respekte, Fanm yo nan fwontyè a, Rezo Fwontalye Jano Siksè(RFJS) ak GARR lanse yon rèl pou mande otorite yo fè jefò pou respekte Dwa fanm yo, espesyalman dwa pou yo travay, dwa pou yo manje ak pou bay pitit yo manje, dwa pou yo jwenn swen sante, dwa pou yo jwenn ledikasyon pou tèt yo ak pou pitit yo, dwa pou yo fè komès nan respè ak diyite, dwa pou yo jwenn sekirite, dwa pou pitit yo pa viktim kadejak, dwa pou yo jwenn jistis lè yo viktim agresyon.

NOU MANDE GOUVÈNMAN AN, MAJISTRA YO, FÈ JEFÒ POU PÈMÈT FANM SOU FWONTYÈ A JWENN YON LAVI MIYÒ, JAN KONSTITISYON PEYI A AK KONVANSYON ENTÈNASYONAL SOU DWA FANM YO, LETA AYISYEN SIYE, EGZIJE YO SA.


Pou GARR Pou RFJS
Patrick Camille Rosette Santana
Responsab Seksyon Dwam Moun ak Migrasyon Pòt pawòl
______________________________________________
comgarr mailing list
comgarr@garr-haiti.org



Partager